Yon gwo kout loray boule pou piti 8 moun e fè 8 blese aprè midi mèkredi 17 jiyè 2024 la nan depatman Nò, komin Sen Rafayèl. Se sa Centre à la une aprann de kèk abitan ki t ap viv evènman an.

Suit ak gwo lapli ki t ap tonbe nan komin Senrafayèl lakoz dram sila kote 8 moun mouri sou plas e yon dizèn lòt al pran swen lopital.

Selon kèk temwen, se yon match foout plizyè moun t ap asiste deyè lekòl nasyonal Lamatinyè a nan Senrafayèl pandan lapli a t ap tonbe, te genyen yon kantite moun ki t ap gade match la pandan lapli a anba yon pye bwa kote kout loray la fèt li touye 8 moun pami yo 2 minè.

Biwo proteksyon sivil te entèvni rapid pou entèvni pou transpòte viktim ki te anvi yo lopital.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841