Yon bato ak vwal ki te t ap transpòte anviwon 70 pasajè ki ta prale Providansyal eksploze mèkredi 17 Jiyè 2024 la nan fon lanmè Kap Ayisyen.
Selon divès sous Centre à la UNE kontakte, genyen 16 moun ki boule ki sove de jistès pou kounye a ki ap pran swen nan lopital inivèsitè Jistinyen nan Okap.
Otorite ki deja dilijante yon ankèt pako amezi pou di ki rezon ki lakoz bato ak vwal sila eksploze a.
N ap raple, y ap chèche rès 54 moun yo malerezman yo poko ka jwenn yo.
Daniel Jean, Centre à la UNE !