Nan komin Laskawobas 959 elèv pare pou sibi eprèv egzamen klas tèminal yo (NS IV) pou ane akademik 2023-2024 la selon enspektè nouvo segondè biwo Distri Eskolè a Michelet Louis. Jounen madi 23 jiyè sa a, Salon Économique (SALECO) ki se yon òganizasyon Sosyo-ekonomik, pibliye rezilta yon ankèt manm yo reyalize sou modèl vi jenès Laskawobasyèn nan ap gen pou mennen aprè etid klasik yo.
Selon yon ankèt ekip teknik biwo SALECO a reyalize nan 13 lekòl segondè nan komin nan nan kad enplantasyon yon pwogram Antreprenerya eskolè ki rele <ENTREPRENEUR ZERO: UN ÉLÈVE, UN ENTREPRENEUR> sou avni yo aprè fen etid segondè yo. Sou 100 elèv gason kesyone, 75% reponn konsa: TIM SENDOMENG; TIM CHOFÈ MOTO; TIM MACHANN TELEFÒN, 20% ladan yo pa gen oken rèv ak sèlman 5% ki swete kontinye etid siperyè yo.
Sou 100 elèv fi kesyone, 75 % reponn konsa:<< Ahhh aprè ti tèt egzamen an m pral degaje m fè yon ti biznis pou m jere tèt mwen>>, 20 % ladan yo swete antre nan yon inivèsite pandan yo panche sou syans enfimyè ak syans administraif yo epi 5% ladan yo pa gen oken rèv.
Toujou selon yon dènye vizit apwofondi ekip la nan mache kominal Laskawobas la Lendi 22 Jiyè a, pou te founi je gade pou wè eske konsta yo reyèl donk, nou. Jwenn:
- Sou chak 10 Machann dlo nou kontwole soti sou plas Sen Gabriyèl, pase devan Komisariya, pase devan Meri a rive nan Tribinal la nou sèlman jwenn 3 jèn fi ki ka nan tranch laj 20 a 25 an, 7 ladan yo se timoun ki nan tranch laj 10 a 15 zan.
- Sou 30 jèn fi nou kontwole soti Sou do simetyè pase ba tèren rive nan kèk ri nan mache a yo kapab nan tranch laj soti 18 pou rive 25 an.
- Nou sèlman kontwole 25 Chofè moto ki nan tranch laj soti 35 pou rive 50 an. Soti depi nan estasyon devan plas, pase sou kote legliz Katolik la ak rive devan mache a. Aprèsa rès yo se jèn gason tranch laj 18 a 35 an.
- Pran Machann telefòn soti devan Mache a rive sou plas Sen Gabriel tout se jèn nan tranch laj soti 20 a 40 tan.
Pou fini, ekip teknik ki pral travay sou pwojè a fini pou mande Leta Ayisyen:
1- Prese prese yo dwe rann diplòm ak Lekòl jenès Laskawobasyèn nan itil nan pakou pwofesyonèl yo.
2- Kreye ak ankouraje Pwogram Antrepreneriya Eskolè nan Lekòl yo yon fason pou jenès la kapab grandi ak yon otonomizasyon finansyè ekilibre.
Washington Florvil, Centre à la UNE