Nan premyè Egliz Batis Laskawobas, fineray Fredner Gracia alyas Thout ki te mouri lakay li sibitman aprè yon malèz, chante vandredi 26 avril 2024 pase a. Selon divès temwayaj manm fanmi Fredner, se Tonton li Arisnor Laventure yo akize kòm moun ki fè maji pou touye neve li a pou yon boutik li t ap konstui.

Aprè yon diskisyon nan plen seremoni finiray la, lapolis te anvayi espas la epi arete 5 manm pwòch fanmi an, pami yo 3 frè Fredner Gracia selon yon Jij depè nan vil Laskawobas.

Arisnor Laventure kite Palalisa mèkredi maten pou vin reponn akizasyon fanmi Fredner te pote kont li nan tribinal la, selon Jij la, li pa twouve Arisnor ta gen menm l tranpe nan lanmò Fredner, men yo kenbe li nan gadavi pou pwoteje l, pou manm fanmi Fredner pa touye l.

Klamè piblik fè kwè fanmi Arisnor voye 15.000 goud bay pou ta bay youn nan Jij yo pou libere Arisnord. Jedi, lajistis libere Arisnor epi menm jedi a yon ansanm moun ki te kanpe moto Arisnor te ye a, yo pran l, yo asasinen l ak kout manchèt epi yo boule l.

Aprè tout revandikasyon fanmi Fredner te fè ak sèkèy la, yo te tou al depoze li devan komisarya Laskawobas la, ki selon yo menm, se ta fot lapolis Laskawobas ak lajistis ki koz sa k pase a, paske yo pa t byen trete dosye a.

Finalman, lapolis te pase lòd vide bal ak gaz lakrimojèn pou evakye foul la.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841