Òganizasyon politik Sove Ayiti nan tèt kole ak divès òganizasyon politik ak sosyal ann Ayiti tankou lòt bò dlo, reyini anba Konbit Pèp Souvren pou Sove Ayiti bay yon konferans ak laprès mèkredi 24 Avril 2024 la yo rele « Deklarasyon Sovtaj Ayiti » pou fikse pozisyon yo fas ak kriz miltidimansyonèl malouk peyi a tonbe ladan depi plizyè lane. Doktè Junior Cénanfils, sekretè jeneral estrikti Sove Ayiti ak Moreline Pierre Louis, vis prezidan MUR se 2 moun sila yo ki te pote mesaj la asiste de divès lòt.

Nan konferans sila a konbit pèp souvren pou sove Ayiti fè konnen tout moun konstate yon ti gwoup teworis pran pèp la, an otaj, objektif yo se disparèt nasyon sa nèt, yo pote non bandi tout kalte, gang ak kravat, gang ak sapat elatriye. Konbit la di Teroris sa yo kidnape, touye, piye, vyole, vòlò pèp la jan yo vle. Yo kontinye pou di si yo ta pran site zak kriminèl yo fè, yo p ap fini, pandan yo site kèk zòn nan kapital tankou: Tòsèl, Anba lavil, Matisan, Kwadèboukè, menm nan vil pwovens kote moun pa ka deplase pou ale wè fanmi yo.

Konbit pèp souvre drese yon tablo istorik bay jenès la pou esplike yo kòman peyi a fè tonbe nan katchouboube li ye jodi a. Konbit la di oksidan pat vle konsidere Ayisyen tankou moun, e yo toujou pa vle sa jouk jounen jodi a. Yo rapousib pou fè konnen 18 novanm 1803, zansèt yo bat pi gwo lame kolon, kase chenn lesklavaj, e kreye
yon nasyon lib.

REVOLISYON ki pote byenèt pou tout moun, klewonnen libète sou tout latè, depi jou sa yo di mizè pèp la kòmanse. Nan lane 1825, yo fòse Ayiti peye yon lajan tèt nèg sou pretèks pou yo rekonèt endepandans li. Yo bay Ayiti okipasyon 1915 pou yo te pran tout rezèv lò li nan bank santral, depi lè sa peyi a divize nèt
ant nèg lavil ak nèg andeyò sou pretèks y ap modènize administrasyon piblik la. Enperyalis yo bay peyi a okipasyon nan lane 1994 sou kouvèti demokrasi pou te
ka kraze lame d’Ayiti.

Pi lwen, konbit pèp souvren pou sove Ayiti fè konnen se revolisyon Ayiti ki bay nesans ak Sosyalis nan mond lan. Men sa pa anpeche
pou jouk kounya yo pa vle respekte dwa grandèt majè li. Yo vle pran peyi a epi
disparèt Ayisyen youn aprè lòt. Yo profite raple yo toujou sèvi ak repiblik dominikèn
pou ekzekite plan makab yo.

Anplis yo di aksyon enperyalis sa yo rive posib paske 85% elit peyi a konvèti tèt yo an ajan doub pou fè djòb sal pou enperyalis la, epi detwi pwòp peyi yo. 30 dènye ane sa yo se prèske restavèk sa yo ki gen otorite pouvwa politik la nan men yo. Estrikti Sove Ayiti ak kowalisyon tout pati politik ki siyen deklarasyon sa di yo menm yo menm yo konprann sa.

Yon lòt kote, estrikti a kwè fòk lidè politik Ayiti yo gen kapasite syantifik pou gouvène, pou pote byenèt pou pèp la ak kapasite pou eksplwate resous natirèl peyi a genyen. Yo kontinye pou di Jounen jodia tout etid syantifik ap montre majorite ayisyen vin pi pòv.

Yo anpeche lasyans devlope lakay, yo pito mete pwogram deplasman pou fòse jenès la kite peyi a, olye yo ede yo gen la syans ak teknoloji pou devlope lakay yo. Estrikti a di NON ak politik newoliberal, enperyalis, NON ak enjerans etranje; NON ak kèlkeswa lokipasyon; Non ak oligachi kòwonpi sa a ; Non ak tout politisyen apatrid ki vle vann peyi a.


Pèp Ayisyen pa bezwen ni Kò Gwoup, ni KARIKOM, ni OEA, ni ONI nan chache
solisyon pou li, k ap woule nou nan farin depi 220 lane. Peyi a pa bezwen maladi
enpòte, ni estrateji inyon gang, ni gè sivil, ni trafik vann zam ak katouch. Ranmase
ale ak tout ajan doub k ap fè djòb sal pou detwi peyi a.

Ou klewonnen nan tout mond lan Ayiti se peyi ki pi pòv, alòske y ap goumen pou li, yo pa vle kite l nan
lapè, yo bati pi gwo anbasad ladan l, yo debake ak lame yo san Ayiti pa nan gè ak
yo, san li pa rele yo, paske yo san wont ou san karaktè, ou kache dèyè yon
demokrasi kriminèl pou detwi pitit peyi a. Se pou yo bat bouda yo ale, se ASE.

Pi lwen, yo di NON ak desizyon KARIKOM ki bay sèpan 7 tèt 2 kòn pou chavire peyi a nan
labim, pou kontinye pataje peyi a ti lòsyè nan do pèp ayisyen. Demokrasi vòlò sa
yo di yo pa bezwen l ! Yo di Pèp ayisyen di li revoke sistèm kapitalis enperyalis kriminèl sa pou ranplase l ak yon sistèm sosyalis nan ideyal papa nasyon an, eklere ki konn
valè moun ak valè lavi.

Yon lòt bò, Konbit Pèp Souvren pou SOVE AYITI (KPSSA) mande solidarite CELAC ak
BRICS pou fè vwa soufrans pèp ayisyen an pase nan entènasyonal la ak fè
òganizasyon enperyalis kriminèl yo tande rezon.

Pou nou fini, yo voye yon ochan pou tout pati politik ak òganizasyon sosyal ki anbrase kòz jenès la, dyaspora, ki enskri yo nan ideyal papa nasyon an Jan Jak Desalin pou Sove Ayiti. Lanbi kònnen nan tout mòn, klòch la sonnen nan kalfou rezistans, pou mande tout
ayisyen vanyan LEVE KANPE POU SOVE AYITI.
1 – retounen ak ideyal papa nasyon an: libète ak byenèt pou tout moun
2 – angajman jenès la nan yon Plan nasyonal pou Sove Ayiti

3- nan konjonkti sila : yo vle yon jij nan kasasyon pou lajistis taye banda, epi soutni ak inivèsite a pou pote lasyans ak gadyen drapo a, lame ak BSAP pou bay
sekirite sou tout tè a.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841