Arete ki nome 9 manm Konsèy Prezidansyèl la rann piblik maten lendi sa a. Se gouvènman defakto Ariel Henry ap dirije a ki te pibliye lis non yo nan Le Moniteur depi vandredi 12 avril la, selon sa nou li ki sòti nan Le Moniteur jodi lendi 15 avril la.

Kèk minit aprè aparisyon arete a, ministè kilti ak kominikasyon an Ayiti anonse kontrèman ak piblikasyon k ap sikile a, gouvènman defakto Ariel Henry a pa pibliye anyen ki konsène non 9 manm Konsèy Prezidansyèl la. Yon sitiyasyon sitwayen kritike anpil pandan jounen lendi 15 avril la.

Ansyen depite Jean Tholbert Alexis ki se Direktè kabinè minis espò a, Raymonde Rival, deklare menm lendi sa a li konfime arete a ki nome 9 manm yo ki soti a se yon arete ki otantik, ki donk ministè kilti ak kominikasyon pa ka demanti li.

Gouvènman defakto pran desizyon pou yo ofisyalize nominasyon 9 manm Konsèy Prezidansyèl la madi 15 avril la, epi enstalasyon an ta dwe fèt mèkredi 16 avril la, selon métronome.

Anpil moun ta kapab mande èske finalman Ayisyen p ap janm jwenn kèk sitwayen onèt, ki prè pou sakrifye enterè pèsonèl yo pou kolektivite a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...