Anpil adilt Ameriken di Trump ak Biden pa byen dirije peyi a, 30% ladan fè konnen okenn nan prezidan sa yo pa nan enterè yo

Alòske jou yo ap mache pou eleksyon prezidansyèl Ozetazini ant Donald Trump epi Joe Biden 5 novanm k ap vini an, yon nouvo sondaj ki soti nan Sant « AP-NORC » pou Rechèch sou Afè Piblik, jwenn plis pase mwatye nan adilt Ameriken panse prezidans Biden nan fè peyi a mal, parapò ak lavi a ki vin pi chè sou li, ak nan sa ki gen pou wè ak imigrasyon. Se sa VOA pibliye vandredi 12 avril 2024 la.

Pandanstan, prèske mwatye adilt yo panse prezidan Donald Trump fè peyi a mal tou, nan sa ki gen rapò ak dwa vòt ak sekirite nan eleksyon, relasyon ak lòt peyi, ak lwa sou jete pitit epi ak chanjman klima.

Sondaj opinyon sila a montre tou Ameriken an jeneral panse nan Mezon Blanch, tou 2 lidè yo te fè plis mal pase byen.Lè yo mande yo ki prezidan ki fè plis pou ede sitwayen tankou yo, apeprè yon tyè 1/3 di Donald Trump epi apeprè yon ka 1/4 di Joe Biden.

Finalman, anviwon 30% adilt sa yo deklare ni administrasyon Biden nan, ni pa Trump lan pa t nan enterè yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841