Konsèy minis demisyonè Ariel Henry ap dirije a siyen arete ki nome 9 manm Konsèy Prezidansyèl la, ak tout dekrè ki lye ak kreyasyon epi òganizasyon KP la ayè mèkredi a. Selon enfòmasyon ki disponib, arete a ta deja ale jwenn près nasyonal jedi 11 avril sa a. N ap note, Kònsèy Minis la pote kèk chanjman nan dokiman KP la te elabore voye pou yo a.

Arete pou nonmen konsèy prezidansyèl la pral soti semèn saa dapre sa yon diplomat Ameriken deklare Mèkredi nan yon fowòm chofe sou kriz Ayisyèn nan kap degringole.
Konsèy la, kap gen 9 manm, taka tabli ofizyèlman an Ayiti osito ke semèn sa a, daprè Brian A. Nichols, sekretè deta adjwen pou zafè Emisfè Oksidantal yo. Misye te pale sou sa pandan yon aktivite nan Nouyòk ke Konsèy Relasyon Etranje yo (Council on Foreign Relations) te òganize.

Responsab yo rete pou wè konsèy la an plas, nan moman Ayiti ap redi pou l jere yon vid pouvwa, pandan premye minis la paka tounen lakay li aprè vwayaj ofisyèl li te fè nan peyi etranje. Zak vyolans gang yo, ki pran anplè mete Pòtoprens ak vil ozalantou yo nan yon sityasyon peyi lòk epi fòse plis pase 53,000 moun pou yo kouri kite kapital la pandan semèn ki pase yo.


Prensipal pò maritim Ayiti a ak ayewopò entènasyonal la rete fèmen. Sa bloke asistans kritik pou Ayisyen ki nan bezwen. Ekspè yo avèti kantite moun kap mouri grangou e ki malad ogmante 17 wotè.
Gang yo te kòmanse atake enstitisyon gouvènman an toupatou nan Pòtoprens 29 Fevriye. Yo te louvri zam sou ayeropò entènasyonal la tou ki rete fèmen epi atake plizyè komisarya lapolis ak 2 pi gwo penitansye peyi a. Gen plis pase 4,000 prizonye ki te chape poul yo.


Biwo Dwa Moun Nasyonzini an dekri sityasyon Ayiti kòm «katastwofik» epi fè remake gen plis pase 1,500 moun ki mouri epi plis pase 800 blese nan fen mwa Mas la.
Kreyasyon konsèy la, ki tap gen 7 manm ki ka vote pou chwazi pwochen premye minis la ak manm Kabinè a pap rezoud pwoblèm peyi a tou suit.


Nichols deklare pa gen «yon sèl solisyon» ki nesesè pou rezoud pwoblèm Ayiti.
Pandan fowòm nan, ki dire yon èd tan, Nichols te sibi kritik bò kote Monique Clesca, yon ekriven Ayisyen ak manm gwoup Akò Montana a. (Gwoup Akò Montana a se yon kowalisyon sosyete sivil, sektè prive ak lidè politik ki gen yon plas nan konsèy tranzisyon an).


Clesca kritike Etazini pou sipò li te bay Premye Minis Ariel Henry, ke li akize dèske li enkonpetan epi responsab pou kondisyon Ayiti ki ap deteryore. Yo te enstale Henry kòm premye minis pa enterim Ayiti aprè asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Li te gen apui kominote entènasyonal la nan epòk la.


Gang pi puisan Ayiti yo opoze Henry. Yo di li pat eli demokratrikman. Misye pwomèt pou l demisyone apre yo va kreye konsèy la.
Pandansetan, gang yo te kòmanse lanse gwo atak kont divès sib gouvènmantal pandan ke Henry te nan Kenya pou siyen yon akò sou deplwaman fòs miltinasyonal li pral dirije a.


Manm panèl nouyok la – Clesca, Nichols ak fondatè jounal Haitian Times, jounalis Garry Pierre-Pierre, te reponn kesyon sou poukisa gang yo, ki kontwole 80% Pòtoprens pat patisipe nan negosyasyon yo ni nan kreyasyon yon konsèy tranzisyon.
Nichols te reponn: «Lide pou yon diyalòg lajman laj, enklusiv ki gen tout eleman sosyete a ladann sètènman vo lapèn,» men li ajoute ke yo paka mete enterè gang yo «devan senp sitwayen ki respekte la lwa.»


Nichols di rezon yo bezwen solisyon se pou adrese rezon ki fè moun vinn manm gang yo pou kòmanse. «Fòk gen aksè ak edikasyon, opòtinite travay ak pwogram fòmasyon,» Nichols deklare.
Clesca bò kote pa li di fòk yo chanje idantite sosyal la pou fèl konsantre plis sou lekòl ak travay.


Pierre-Pierre bò kote pa li di politisyen Ayisyen yo ak boujwazi a ap apiye gang yo depi lontan pou sèvi enterè pèsonèl yo, e li plenyen pou di yo pa konsilte dyaspora a yon fason adekwa nan moman Ayiti ap fè fas ak yon kokenn chen kriz. Misye deklare: «Sekirite se yon pwoblèm nou ka solisyone a kou tèm. Men rapyese sosyete Ayisyèn nan se yon defi ki pi gwo toujou.»

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841