Bayer Leverkusen k ap jwe yon sezon ekstraòdinè nan tout karyè klèb la, sou wout pou byen konkli sezon an, epi detwone Bayern München aprè 11 lane ap renye nan Bundesliga a

Aprè li fin bat Union Berlin (0-1) samdi sa a, Bayer Leverkusen kapab vini 8èm ekip nan tout istwa jwèt sa a ki pa janm pèdi yon match nan yon Lig pandan tout yon sezon, si jwè Xabi Alonso yo pa pèdi okenn nan 6 match yo rete pou jwe nan Bundesliga a.

Ekip Bayer Leverkusen ap resevwa ekip Weder Bremen nan dimanch 14 avril 2024 la. Si Leverkusen ta rive genyen match sa, l ap tou sakre chanpyon sezon 2023-2024 Bundesliga a. N ap raple, Leverkusen deja kalifye pou League des Champions sezon k ap vini an.

Aprè 11 lane youn aprè lòt, ekip Bayern nan sou wout pou li pa rive chanpyon, e Leverkusen se ekip sa ki tou pre pou leve tit sa ane a nan Bundesliga a. Kijan ekip Leverkusen nan te rive fonde? Ki pa kou yo? Konbyen tit yo genyen? Sa yo se yon ansanm kesyon anpil moun tizè foubòl ap poze.

Avan, ekip Bayer Leverkusen nan te yon antrepriz nan lane 1903, kote 170 anplwaye nan yon lèt tou louvri te fè demand ak dirijan yo pou kreye yon klèb foutbòl. Ekip sa t ap vin konnen plizyè etap pami yo: monte yo nan liga west la epi an 1951 se te monte yo nan pi gwo chanpyona nan peyi Almay nan epòk la “Oberliga West”.

Nan lane 1963 chanpyona Bundesliga te vin kreye, akòz ekip Leverkusen pa t gen ase pwen, yo pa t rive monte nan chanpyona a. Konsa, se nan lane 1979 yon 12 me Leverkusen te rive jwenn tikè pou patisipe nan Bundesliga a.

Ekip Leverkusen nan, selon palmarès yo, pa gen anpil twofe. Yo se vis chanpyon Bundesliga 5 fwa: 1997, 1999, 2000, 2002, 2011, yo gen yon Koup Almay an 1993, yo genyen yon Koup UEFA nan lane 1988, pou n site sa yo sèlman.

Ane sila ekip Leverkusen sou wout pou mete plizyè rekò, pami yo nan Bundesliga ki gen 34 joune, kote yo deja jwe 28èm san menm yon defèt. Yo sou 41èm match yo san defèt nan tout chanpyon nan Koup Almay epi yo kalifye pou final aprè yo te fin kale ekip Fortuna 4-0, yo gen pou jwe 1/4 final Ewopa lig semèn demen an fas West Ham

Se yon sezon majistral pou tout staf ekip Leverkusen nan k ap sakre chanpyon Bundesliga a sezon sa a, si yo reve bat ekip Weder Bremen nan dimanch 14 avril la.

Pou anpil moun, Xabi Alanso ki se antrenè ekip Leverkusen nan ta sou wout pou li nome kòm meyè antrenè pou sezon an, epi ekip li a tou ka sòti ekip de lane.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841