Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahou, ap fè fas ak yon gwo defi k ap grandi anfas pouvwa li a depi aprè yon bouch gonfle ant Jerizalèm ak Washington sou vòt rezolisyon Nasyonzini an

Dimanch 31 mas 2024 la, plizyè milye moun te rasanble devan Palman an, nan sousi pou mande eleksyon fèt prese, prese nan peyi a. Pou anpil obsèvatè, se youn nan pi gwo manifestasyon ki lanse kont gouvènman an Izrayelyen depi kòmansman lagè a nan Gaza.

Gen kèk manifestan ki te pote siy ki mande pou «retrè imedyatman» PM Netanyahu nan tèt peyi a. Gen lòt ki te kanpe afich ki t ap rele pou mande eleksyon, e yo t ap di: «moun ki te detwi pa kapab moun k ap repare.»

N ap raple, genyen nesans yon kriz ouvè depi kèk jou ant Netanyahou ak Biden depi aprè Ameriken yo te fin fè «abstansyon» sou vòt rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki mande pou gè a kanpe nan Gaza.

N ap fè remake, tou suit aprè desizyon politik Ameriken yo nan Nasyonzini, madi 26 mas pase a, premye minis Netanyahu te deside anile vizit yon delegasyon Izrayelyen te dwe fè Ozetazini.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841