Nan yon dokiman manm Konsèy Prezidansyèl la elabore epi voye bay gouvènman demisyonè Ariel Henry a semèn sa a, yo prezante bay gouvènman an òganizasyon, fonksyonman ak lòt aspè Konsèy Prezidansyèl la ki pral jere tranzisyon an.

Se yon dokiman ki eksplike an detay kisa pou tout sitwayen atann nan men Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Daprè dokiman an, Konsèy Prezidansyèl la ap pran prezidans Tranzisyon an epi li konpoze de nèf (9) konseye ki gen ladan yo sèt (7) manm ki deziye:

Akò 30 out 2021 ki se Montana; Kolektif 30 janvye 2023, Akò 21 desanm 2022, Fanmi Lavalas, Platfòm Rezistans Demokratik (RED/EDE) ak gwoupman politik Konpwomi Istorik la, Pati Pitit Desalin ak Sektè Prive a. Genyen tou de (2) obsèvatè san dwa vòt Sosyete Sivil la ak REN deziye.

Konbyen tan manda KP la dwe dire o maksimòm ?

Konsèy Prezidansyèl la gen yon manda de dizwit (18) a vennkat (24) mwa pou pi plis tan. Manm yo pa kapab kandida pou okenn pòs nan eleksyon pouvwa egzekitif yo pral òganize yo.

Daprè dokiman an, manm yo nan Konsèy Prezidansyèl la resevwa nan men Trezò Piblik la yon frè chak mwa apati de enstalasyon yo. Madanm oswa mari yon manm Konsèy Prezidansyèl la, okenn manm fanmi li p ap benefisye de yon estati espesyal pandan peryòd Tranzisyon an. Konseye yo p ap nan jere pwojè piblik, oswa ki gen aksè a lajan ki soti nan trezò Piblik la. Konsèy la pa rekonèt estati «premye dam», toujou selon dokiman an.

Konsèy Prezidansyèl la gen katye jeneral li nan «Palè Nasyonal», epi desizyon yo ap pran pa konsansis si yo pa fè sa pa vòt majorite sou prensip: yon manm, yon vòt. “Nan ka gen yon egalite nan vòt aprè yon absans oswa yon abstansyon, vòt Prezidan an konte pou 2.

Konsèy Prezidansyèl la deside gen kowòm nan seyans li yo si omwen kat (4) manm prezan. Nan ka absans, yon manm nan Konsèy Prezidansyèl la ka delege dwa li pou vote bay yon lòt kòlèg, daprè dokiman an ki endike «nan ka yon enkapasite oswa lanmò yon manm, estrikti ki te voye li a ap fè ranplasman li nan 10 jou aprè ka a”.

Toujou daprè dokiman an, si Konsèy Prezidansyèl la twouve li tanporèman pa kapab egzèse fonksyon li yo, Konsèy Minis yo, anba prezidans Chèf Gouvènman an, ap egzèse pouvwa egzekitif tout otan anpechman an dire.

Kijan y ap eli Prezidan Konsèy la ?

Aprè yo fin enstale, manm Konsèy la dwe ale nan eleksyon prezidan yo pa senp majorite. Nan ka yon egalite, yon dezyèm bilten vòt ap òganize. Si li toujou enposib pou deside ant vòt yo, Prezidan an ap tire o aza nan de kandida yo nan kandidati yo.

Se 2 obsèvatè yo ki dwe òganize eleksyon yo, e pou verifye si kandida yo kalifye. Prezidan an ki soti nan eleksyon an pral chèf nominal Fòs Lame a epi li pral responsab, akonpaye pa lòt manm yo nan konsèy la, nan prezidans Konsèy Minis yo.

Konsènan òganizasyon Konsèy Prezidansyèl la, antite a pral konpoze ak prezidans konsèy la ak kabinè sektè yo divize an 6 gwo pwojè: «Sekirite, Eleksyon, Refòm konstitisyonèl, Konferans nasyonal souveren, Rekiperasyon ekonomik, sosyal ak imanitè.

Kijan y ap chwazi Premye Minis la?

Pou chwazi premye minis la, chak sektè ki konstitye Konsèy Prezidansyèl la pral nonmen yon aspiran pou pozisyon an, l ap soumèt li bay Konsèy la. Nan lis sa a, Konsèy Prezidansyèl la ap chwazi Premye Minis la ak yon majorite absoli. Nan ka yon egalite, yon dezyèm tou ap òganize. Si dezyèm tou a pa pèmèt yo deside vòt yo, y ap òganize yon twazyèm tou. Nan ka yon menm kantite vòt ki pèsistan, y ap fè tiraj osò pou chwazi Premye Minis la.

Premye minis la ap chwazi daprè kritè sa yo: Li dwe gen orijin Ayisyèn epi pa t janm renonse ak nasyonalite l. Li dwe jwi dwa sivil ak politik li epi pa t janm kondane nan yon santans afliktif ak enflamant. Li dwe yon pwopriyetè an Ayiti oswa pratike yon pwofesyon la. Li dwe abite nan peyi a pou senk (5) ane youn aprè lòt ki sot pase la yo. Li dwe resevwa nan men Tribinal Siperyè Kont ak Kontansye Administratif yon rapò
favorab pou jesyon li si li te responsab pou fon piblik.

Konsèy Prezidansyèl la kapab mete fen nan fonksyon Chèf Gouvènman an sèlman lè li prezante demisyon li bay Gouvènman an, nan ka tou ta gen gwo sipozisyon aksyon kriminèl ak koripsyon ki gen prèv, oswa sou prezantasyon dosye dokimante defisi gouvènans OCAG prezante.

Konsèy sa a gen kapasite pou resevwa lèt kreyans, nonmen anbasadè, konsil, nonmen gran komi leta, delege ak vis-delege.

Epitou, konsèy prezidansyèl sa a gen kapasite pou nonmen Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki gen nèf manm, daprè kritè yo te prevwa nan Konstitisyon 1987 la nan atik 289 li a; Komite Direktè Konferans Nasyonal la sou pwopozisyon Premye Minis la; Komisyon Refòm Konstitisyonèl la ak Komisyon Laverite ak Jistis sou pwopozisyon Premye Minis la ak an konsiltasyon ak òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal, toujou selon sa nou li nan dokiman an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841