Yon foul moun anvayi yon ti pòs polis nan Mibalè, yo pran 2 prezime bandi epi rache yo ak manchèt, ladan yo yon polisye. Sa pase aprè lapolis te fin entèpele yo nan Devarye, yon lokalite nan Mibalè, vandredi 29 mas 2024 la.

Malgre tout jefò polisye te fè pou te pwoteje yo, popilasyon an ki te an kòlè, mete lapat sou mesye sa yo ki te gen nan valiz yo lajan ki evalye a plis pase 6 milyon 300 mil goud, ak 20 mil dola ameriken nan moman arestasyon yo.

Lajan sa selon enfòmasyon ki disponib yo, se te pou ale achte bal ak zam pou gang yo sou fwontyè Ayiti-Dominikani nan nivo Beladè.

2 mesye sa yo se Alexandre Ananel, yon polisye grad Ajan 2, ki te afekte nan CBIM ak Musca Michelet ki se yon ansyen ajan sekirite konsèy elektoral provizwa (KEP).

Lapolis jwenn sou yo 2 pistolè 9 mm, 6 chajè ranpli ak bal, ak yon bwat 50 katouch 9 mm.

Lapolis konfiske tou yon machin Nissan Xterra koulè nwa, ki gen nimewo plak AA-49833 ak 7 telefòn pòtab.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841