Nan yon piblikasyon Anbasad Federasyon Larisi nan Lond an Angletè fè jounen mèkredi 27 mas 2024 la, responsab yo tataje yon mesaj Prezidan Poutine ki esplike rezon ki pouse Larisi atake Ikrèn nan, sa gen egzakteman 2 lane, yon mwa ak 4 jou.

Nan yon premye tan, Prezidan Poutine prezante rezon peyi li a angaje l nan gè a: « Larisi ap goumen pou defann enterè vital li yo, dwa li genyen nan pratike yon devlopman endepandan, endividyèl epi souveren.

Nan yon dezyèm tan, li moutre enplikasyon men kache peyi rival Larisi yo, ki fòse li deklare gè a » « Malerezman, mechan, konpetitè ak advèsè nou yo fòse nou defann enterè sa yo ak fòs ame, pou goumen kont moun yo ame ak fòme pou konbat Larisi sou teritwa yon Leta vwazen.

Finalman, li konkli pou moutre mond lan a ki enterè Larisi ap atake tout peyi ki vle fè tèt li pase pou yon obstak kont federasyon an: « Nan kondisyon nou ye jodi a, tout sa nou fè nan tout domèn nan lavi nou, lye dirèkteman ak siksè peyi Larisi nan respè. »

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841