Inogirasyon ofisyèl manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la reyalize nan 2 espas diferan an prezans divès aktè politik Ayisyen ak manb kominote Entènasyonal la maten jedi 25 avril 2024 la.

Premye pati seremoni an te dewoule nan palè nasyonal kote 9 manb konsèy prezidansyèl la prete sèman e resevwa ochan malgre yon ti tan aprè te genyen anpil kout bal te tire ant lapolis ak bandi. E 2èm pati seremoni an dewoule nan Vila Dakèy ,kote envite yo te reyini, kote Madam Régine Abraham, ki se manm obsèvatè epi sèl grenn fanm nan KP a, pwononse diskou a nan non nèf manm ki fè pati Konsèy la.

Michel Patrick Boisvert ki se minis ekonomi ak finans, nan gouvènman Ariel Henry a te pran la pawòl nan non gouvènman sòtan pou drese yon tablo sonb de sitiyasyon peyi a etou profite swete manb KP la pou mete yo otravay, fè depasman nan tèt kole pou sove peyi a. Paralèlman yon arete ki pran nan konsèy minis ayè mèkredi a nome Patrick Boivert premye minis pou asire enterima a ann atandan nominasyon yon lòt Premye Minis pa manb KP a.

Madam Régine Abraham ki te pran pawòl nan non konsèy prezidansyèl la te montre yo okouran de gwo defi ki ap tann yo pou mete lapè ak redrese bak peyi a fè konnen yo pran angajman pou afronte difikilte yo pandan yo ouvri bra yo ak tout sektè pou fè konbit pou chanje sitiyasyon an.

Kò group la ki reyini ansanm anbasadè peyi etranje yo Ayiti te patisipe an grand ponp nan seremoni an. Selon sa yon sous nan konsèy la fè Centre à la UNE konnen, tousuit aprè enstalasyon an, yon gwo reyinyon te dewoule ant manb kominote entènasyonal la ak konsèy prezidansyèl la .

Divès aktè politik ak Òganizasyon sosyal salye enstalasyon konsèy la si nou ka pran Óganizasyon sosyal Kominote Solidè pou Devlopman depatman Sant (CSDC), nan yon nòt pou laprès jedi 25 avril la salye enstalasyon konsèy prezidansyèl la pandan yo tou profite mande KP a pran responsabilite l san plenyen pou retabli sekirite nan peyi a e tou panse ak moun ki pi pòv yo ki pa ka soufri ankò.

Kominote entènasyonal la bò kote pa yo reyaji, sitou Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, mande pou peyi #ALBA yo leve kanpe kont manèv Etazini pou kontinye kontwole Ayiti. Prezidan Maduro di 100 lane entèvansyon, diktati, masak, se sifi. Pi lwen, nan diskou prezidan an fè jedi 25 avril 2024 la, li deklare peyi sa yo dwe «konstwi yon koperasyon ak yon solidarite efikas avèk Ayiti».

N ap note, ALBA a se yon òganizasyon koperasyon prezidan Hugo Chavez te lanse an desanm 2004. Objektif la se pwopoze yon altènativ ak «zòn komès lib nan Amerik yo», yon pwojè kominotè ekonomik, ki rasanble ansanm peyi nan kontinan Ameriken an, sof Kiba.

Pami pèsonalite politik ki te prezan yo prezans ansyèn Senatè Youry Latortue ak Joseph Lambert ki tou de (2) sou sanksyon entènasyonal kòm moun ki nan blanchisman lajan ak sipòte gang te trè remakab nan seremoni an. Yo promèt pou bay sipò teknik yo ak KP a.

N ap siyale nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti, 2 lòt avyon Lame Amerikèn ki chaje militè ateri maten jedi 25 avril 2024 la nan Pòtoprens. N ap raple, madi pase a te gen yon premye avyon militè ameriken ki te ateri nan ayewopò a. Pou moman sa a, nou pa ko an mezi pou founi okenn detay sou aterisaj 2 lòt avyon militè sa yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841