Lidè Alyans Bolivaryen pou Pèp Amerik yo (ALBA) mande kominote entènasyonal la mèkredi sa a pou l kolabore nan rekiperasyon konplè Ayiti, nasyon ki pi pòv sou kontinan ameriken an, epi ki anba yon gwo kriz vyolans.

Pandan 23èm Somè ALBA a ki te fèt nan Karakas, prezidan Venezyelyen an Nicolás Maduro, ensiste sou nesesite pou konstwi, apati ALBA, yon modèl sipò ak akonpayman pou Ayiti nan demokrasi li a ak nan konstriksyon lapè nan peyi a.

« Se pa ak entèvansyon militè oswa polis demokrasi, libète, lapè ak rekiperasyon sosyal pral rive ann Ayiti, non, » se sa prezidan Maduro te deklare.

Daprè prezidan Kiben an, Miguel Díaz-Canel, kominote entènasyonal la « gen yon gwo dèt » anvè pèp Ayisyen an, ki bezwen asistans ak bon jan koperasyon.

« Pèp Ayisyen an gen dwa jwenn yon solisyon lapè dirab, pou leve divès defi y ap fè fas chak jou, solisyon ki dwe baze sou respè total pou otodetèminasyon, souvrènte ak endepandans », prezidan Kiben an te deklare.

Pi lwen, li defann kreyasyon yon sèl fon solidarite entènasyonal pou rekiperasyon Ayiti, ki nouri ak kontribisyon kominote entènasyonal la, nan objektif pou abòde priyorite pèp Ayisyen an.

Bò kote pa l, Premye Minis Sent Lisi a, Philip Pierre, afime « Ayiti gen dwa egziste », epi li mete aksan sou wòl, daprè li, Kominote Karayib la (Caricom) jwe pou tout sitwayen ki nan peyi Karayib la gen yon lavi jis epi ki gen lapè.

N ap note, ALBA te kreye an desanm 2004, li genyen 10 peyi manm. Yo gen Ayiti, Lasri ak Sirinam kòm envite spesyal.

Ayiti ap fè fas ak yon kriz vyolans ki te koze, pami lòt faktè, pa mank de enstitisyon, aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021 – ki poko ranplase – ak dènye demisyon Premye Minis pwovizwa Ariel Henry.

Apre plizyè semèn negosyasyon, 12 avril pase a, yon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon te fòme, li responsab pou mete sekirite, òganize eleksyon yo epi fòmasyon yon nouvo gouvènman.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841