Nan yon tèks li pibliye jounen madi 7 me 2024 la nan vwa Sektè Demokratik ak Popilè a (SDP), avoka pèp la mèt André Michel, felisite ansyen premye minis Ariel Henry ki, an 2022, mande Nasyonzini asistans vya yon fòs etranjè pou ede Polis Nasyonal Ayiti a fè fas ak gang epi bandi yo an Ayiti

Mèt la deklare SDP santi tout bon vre Fòs entènasyonal la sou wout pou vini ede PNH la kraze Gang epi mete Sekirite nan peyi a. Pou sa li remèsye ansyen gouvènman Ariel Henry a ki te mande Nasyonzini Fòs la pou Ayiti depi nan mwa Oktòb 2022.

Avoka pèp la di mèsi ak gouvènman Ariel Henry a ansanm ak alye Ayiti yo nan Nasyonzini tankou Etazini, Lafrans ak Meksik, pou gwo batay diplomatik yo mennen pou Nasyonzini te adopte rezolisyon sou koze antre Fòs miltinasyonal la ann Ayiti.

Mèt Michel kontinye di mèsi ak PM Ariel Henry ki te ale jouk en Afrik, nan peyi Kenya pou siyen akò pou Fòs la te ka vini nan peyi d Ayiti. Epi di SDP kontan anpil paske tout aktè politik ak sosyete Sivil ki nan konsèy prezidansyèl la dakò jounen Jodi a pou Fòs entènasyonal la vini nan peyi a. Se yon bon bagay pou popilasyon an.

Li kwè gras ak Fòs Entènasyonal la, gwo biznis ak ti Biznis yo pral kapab louvri pòt yo, Madan Sara yo pral kapab mennen aktivite yo, restoran yo pral rekòmanse fonksyone ak leswa, moun pral ka pase tout kote nan peyi a tankou Matisan, Maryani, Kanaran elatriye. Sa pral bèl anpil.

Ansyen manm opozisyon an sou Jovenel Moïse fè konnen depi plis pase 18 mwa, SDP ap repete yon sèl bagay: «Nou p ap ka soti anba gang yo san yon Fòs Entènasyonal.» Konsa, Sitwayen ki te blije kite kay yo nan Fontamara, Matisan, Kafou fèy, Tòsèl, Taba, Kwadèboukè, Gresye, Santo, Kanaran, Pènye, Ba Dèlma, Bèlè, Solino, Gran ravin, Site Solèy, Fò Senklè, Fò Nasyonal, Anba Lavil, nan Latibonit ak nan rès peyi a kòmanse gen lespwa y ap retounen lakay yo yon jou.

Kèk nan materyèl pou misyon an

André Michel fè konnen SDP pa nan danse Kole ak Gang, se sa k fè tout chèf gang ap atake Dirijan SDP yo maten, midi, swa.

Finalman, avoka a di Sektè Demokratik ak Popilè a remèsye Nasyonzini pou Fòs entèynasyonal la, ki se pou strikti a pi gwo kado yo te ka fè Ayiti nan moman sa a.

Paralèlman, administrasyon Amerikèn nan pran tout dispozisyon pou voye yon èd militè ann Ayiti ki estime a plis pase 60 milyon dola. Se sa politico rapòte samdi 4 me a. Daprè medya a, 80 Humvee, 35 machin MaxxPro, zam pou Snaypè, dwón, se ekipman administrasyon Biden nan deside voye ann Ayiti nan kad deplwaman fòs miltinasyonal la. Kèk nan materyèl sa yo deja rive nan peyi a, e yo pral remèt yo bay PNH.

Anplis de sa, divès jounal rapòte fen mwa me a ta dwe genyen yon premye group sòlda ta dwe antre ann Ayiti nan kad misyon an, e deja genyen yon gwoup kontraktyèl pentagòn angaje k ap konstwi baz pou loje sòlda yo nan zòn ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.

Parapò ak fason mèt André Michel moutre Ayiti p ap kapab reziste san fòs etranjè a, e si toutfwa pou yon rezon osnon yon lòt fòs la pa ta antre Ayiti; o final, ki ap lespwa Ayisyen fas ak ensekirite a ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841