Prezidan Abinader deklare dimanch swa, li ranpòte laviktwa nan eleksyon yo apre pi gwo advèsè l yo te dakò yo pèdi byen bonè, akoz li te gen yon gwo majorite nan chif vòt yo.
Rezilta eleksyon sa yo ranfòse mouvman gouvènman Abinader la ap fè sou fwontyè peyi l pataje ak Ayiti kote l ap menen yon batay kont migran Ayisyen k ap antre illegalman sou tèritwa dominiken an.
Gen plizyè santèn milye moun ki te kouri kite Ayiti akoz gwo zak vyolans ak ensekirite ki genyen, men gouvènmen Abinader a kont imigrasyon illegal nan peyi l e gen anpil chans pou politik migratwa sa a kontinye pandan nan pwochen manda li a.

Abinader te konstwi yon miray ki sanble ak sa ansyen prezidan ameriken Donald Trump te fè sou fwontyè Meksik-Etazini an, e li te depòte migran Ayisyen pa bann e pa pakèt.
Politik migratwa gouvènman li a te fè fas ak akizasyon sou abi dwa moun, men li te trè popilè tou nan zye pèp Dominiken .
Chèf detate fè kanpay sou bilan ekonomik li ak politik fèmte l vizazi dosye imigrasyon Ayiti.
Luiz Abinader, 65 lane, deklare di patizan l yo “ Pèp la pale klè….Mwen aksepte konfyans mwen resevwa a, e mwen gen obligasyon pou m pa fè yo wont.

Ansyen prezidan Leonel Fernandez deja rekonèt viktwa Abinadel la . Li ekri sou X : “ Aswè a mwen rele prezidan Luiz Abinader nan telefòn pou m felisite l pou viktwa elektoral li a e swete li anpil siksè nan administrasyon l lan.”

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841