Finalman, divès sekouris konfime lanmò prezidan Ebrahim Raïssi 63 lane, nan aksidan elikoptè ki te fèt la selon sa Reuters pibliye lendi 20 me 2024 la. Aksidan an te pwodwi ayè dimanch lan, pandan yon delegasyon Iranyen t ap sot inogire yon baraj. Prezidan Raïssi te eli nan tèt peyi Iran 18 jwen 2021 depi nan premye tou, puiske li te konvèti tèt li an defansè klas defavorize a, epi li pa t nan rete lang ak koripsyon.

Sekouris ki reyisi jwenn aparèy la ki al kraze nan flan yon montay, presize pa genyen okenn siy ki ta montre gen moun ki vivan toujou nan elikoptè a.

Medya leta yo di elikoptè a al kraze dimanch 19 me 2024 akoz move tan toupre rejyon Varzaqan nan pwovens Azerbaydjan oryantal. Yo kontinye pou di, yo deja pran kadav prezidan Raïssi, ak minis afè etranjè a, Hossein Amirabdollahian, ak 2 lot lòt responsab iranyen ki te fenk sot patisipe nan yon evenman pa lòtbò fwontyè Azerbaydjan ansanm prezidan Azerbaydjan an Ilham Aliyev.

Daprè medya iranyen yo, aparèy ki kraze a te twouve l pami 3 elikoptè ki t ap transpòte responsab iranyen yo pandan yo t ap retounen apre yo te fin inogire santral idwo-elektrik Khoda Afarin ak Giz Galasi a nan rivyè Aras ki make fwontyè ant Iran ak Azerbaïdjan.

Prezidan Aliyev fè soti yon deklarasyon sou platfòm X la , ansyen Twitter, kote li di « Li twouble anpil devan aksidan elikoptè prezidan Raïssi a e li ofri priyè ak asistans bay Iran ki se yon « peyi ami e frè ».

Se Mohammad Mokhber ki ranplase li pou mennen bak peyi a annatan eleksyon yo fèt pou pèp la chwazi yon lòt prezidan.

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841