Prezidan Joe Biden akeyi 22 Me 2024 la, Prezidan Kenya William Ruto nan Lamezonblanch nan moman lap tanmen yon vizit ofisyèl kap dire 3 jou Ozetazini.


Biden pral deziye peyi Afrik de Lès la, kòm gwo alye Etazini ki pa manm LOTAN, nan moman peyi sa a pare pou voye 1,000 polisye an Ayiti nan lide pou dirije yon misyon LONU apwouve pou jere ensekirite a.
Gen 2 responsab gouvènman Ameriken an ki dekri deziyasyon an, ki lajman senbolik. Yo te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non yo.

Yo di anons la pral fèt pandan vizit d eta Ruto a ki te tanmen nan La mezon blanch mèkredi aprè midi. Chèf deta yo te rankontre lidè teknoloji Kenyan yo. Kenya se premye peyi Afriken yo onore ak yon vizit ofisyèl depi ane 2008.

Pandansetan, David Andre, manm gwoup KOMOKODA (Komite Mobilizasyon Kont Diktati nan Peyi d Ayiti) anonse yo pral manifeste kont vizit Ruto a nan Washington. Gwoup la ki gen baz li nan Brooklyn pral pran lari depi 10 zè di maten devan la mezon blanch pou montre mekontantman yo vizavi plan pou voye yon fòs miltinasyonal ann Ayiti. Kenya pral dirije fòs sa a. KOMOKODA pral manifeste tou devan Anbasad Kenya nan vil Washington epi Anbasad peyi d Ayiti.

Se ansyen premye minis Ayisyen Ariel Henry ki te mande asistans yon fòs miltinasyonal pou ede Fòs Polis Nasyonal Ayiti (PNH) jere ensekirite a epi konbat zak vyolans gang yo.


Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti fè konnen li apiye lide pou misyon sa a antre an Ayiti pwochènman. Preparasyon ap fèt pou sa, e genyen yon gwoup preliminè Kenyan ki rive Ayiti pandan wikèn nan pou pare chimen an pou deplwaman fòs la.

Sandra Lemaire, VOA

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841