Prezidan fransè a Emmanuel Macron anonse disolisyon kò lejislatif la aprè li fin aprann defèt pati li a nan eleksyon Ewopeyen yo dimanch ki sot pase la.

Pati ekstrèm dwat la ki mennen nan eleksyon yo nan Palman Ewopeyen an ak defèt piman bouk sa pou pati dominan Lafrans lan, Emmanuel Macron te deside fonn Asanble Nasyonal la, li konvoke eleksyon lejislatif pou de tou: 30 jen ak 7 jiyè. Jan li te eksplike depi palè Elysée a, li te fè etap sa a pou bay pèp la « pouvwa pou deside » sou avni palmantè peyi a atravè vòt yo.

Daprè Atik 12 Konstitisyon Fransè a, prezidan an ka fonn Asanble Nasyonal la aprè li fin konsilte premye minis la ak prezidan de chanm Palman an : Sena a ak Asanble Nasyonal la. Aprè anons disolisyon an, nouvo eleksyon yo dwe fèt nan 20 a 40 jou .

Sepandan, pou yo ka sèvi ak ‘zam konstitisyonèl’ sa a ankò, prezidan an dwe tann omwen yon ane aprè eleksyon lejislatif ki te swiv dènye disolisyon an.

Disolisyon Asanble Nasyonal la pèmèt Gouvènman an simonte sitiyasyon kriz oswa blokaj enstitisyonèl , jan sa te fèt an 1962, 1968, 1981 ak 1988, lè te gen dezakò ant majorite palmantè a ak Egzekitif la. Disolisyon 1981 an, pa egzanp, te enpòtan anpil pou François Mitterrand kote li te asire majorite aprè viktwa li nan eleksyon prezidansyèl yo.

Sepandan, etap sa a ka gen tou yon efè opoze. Kidonk, lè Jacques Chirac te vle konsolide majorite li nan Asanble Nasyonal la an 1997, nouvo eleksyon ki te vini aprè disolisyon an te kite yon majorite goch e li te bezwen travay ansanm ak gouvènman sosyalis Lionel Jospin.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar