Pandan direksyon jeneral polis la ap prepare pou li ale fete 29èm anivèsè polis la 12 jen ki ap vini an, bandi viv ansanm yo touye 3 polisye epi boule yon cha blende polis etou sezi divès gwo zam ki te nan men polisye yo touye yo dimach 9 Jen 2024 la nan Dèlma 18 Ayiti.

Plizyè polisye UTAG mouri: Fermetus Emelin, Clovis Peterson ak Piton Wilkens Jean Junior, se 3 polisye Barbecue ak lòt bandi nan òganizasyon kriminèl «Viv Ansanm» fizye epi boule ak tout yon blennde nan Dèlma 18. Sa pase dimanch 09 jen an, selon Synapoha. Genyen yon lòt polisye ki blese.

Aprè zak sila a plizyè sektè nan lavi nasyonal la leve vwa yo pou denonse fason polisye yo asasine a etou mande revogasyon Direktè jeneral polis la Frantz Elbé.

Pami enstitisyon sila yo genyen biwo proteksyon sivil ki genyen nan tèt li Mesye Rhénan Edouvil ki mande revoke DG polis la pou li ki nan konivans ak gang. Se menm pozisyon sila tou de sendika polis la genyen.

Laprezidans atravè biwo kominikasyon li ki nonsèlman kondane asasina a men tou yo promèt pou yo redrese sitiyasyon sekirite peyi a rapid vit pandan yo prezante senpati yo ak fanmi polisye yo.

Alòske bandi 400 mawozo yo nan kwadèboukè koupe wout la, fouye yon gwo tou devan lise Jacques 1er epi egzije chofè yo pase nan wout nan rakèt la. Yon lòt kote, Dival-24 yo drese yon liy bonbòn gaz sou lari a. Se sa divès abitan zòn nan rapòte Centre à la UNE samdi 8 Jen 2024 la. Nou pako anmezi bay rezon yo.

Boutofen, Prezidan peyi Kenya a, William Ruto, anonse dimanch 9 jen sa a polisye kenyan yo ap gen pou antre Ayiti nan 2 semèn k ap vini la yo pandan li te legliz jodi a. Li reyafime volonte Kenya pou ede Ayiti rezoud pwoblèm ensekirite a. Poutan, anpil moun pa kache dout yo sou misyon sila yo rete kwè ki p ap antre Ayiti vre akoz dat ki fikse pou deplwaman fòs miltinayonal la ki fikse yon kantite fwa deja toujou ranvwaye a chak fwa.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841