Se o total 10 akize k ap gen pou parèt devan jij, soti 3 rive 7 jen 2024 nan kad yon asiz kriminèl san asistans Jiri, otorite jidisyè yo ap òganize nan jiridiksyon Ench lan.

Komisè gouvènman Ench lan, Marlène ABRAHAM, nan tèt kole ak Dwayen Tribunal premyè enstans lan Windo SINVILIER, de klare bay jounalis de mach sa antre nan kad lit y ap fè pou diminye de tansyon prevantiv pwolonje a.

Men tout kesyon k ap poze bò kote kèk sitwayen nan popilasyon an, èske se 10 ka sa yo ki pi lejè pou la jistis Ench, lè yo konnen kante moun ki gen plizyè ane fèmen dèyè 4 miray ki pa janm pase devan jij. Alòske moun sa yo pa komèt gwo zak.

N ap souliye, kondisyon prizonye yo ap viv nan prizon sivil Ench lan pa vrèman respekte prensip dwa moun.

Prizon ann Ayiti ki se yon fòm lanfè, ti krik , ti krak ou ta gen yon pwoblèm kèl konk ak yon lòt moun kèl konk, rive lajistis, sènten majistra pa mechanste osinon pou dekapitalize w, tou prè pou voye w nan lanfè sa.

Siti a syon sa lakoz anpil moun fèmen nan prizon san konnen pou konbyen yo la.

Vil Ench Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841