Odelin SIMON, ansyen direktè lekòl nasyonal Berestil, fonde pouvwa nan tribinal depè ak Jodanet SIMON se non 2 frè sa yo ki asasine ak kout manchèt nan sware dimanch 2 pou louvri Lendi 3 Avril 2024 la nan zòn Kayit komin Sèkakavajal.

Selon kèk abitan ki te pale ak jounal la, 2 frè yo rive rache ak manchèt suit ak yon konfli tèryen. Yo fè konnen se yon tè eritye ki te genyen litij sou li depi plizyè tan.

Jij de pè Almonor Géonel Centre à la UNE te kontakte fè konnen se sou tèren konfli a menm li rive fè konsta legal 2 frè sa yo.

Selon avoka viktim yo mèt Wilkenson Simeon ki te pale ak kolaboratè nou nan jounal la Val Louismanès deklare: avan menm mesye yo te rive jwenn lanmò yo gen yon mesye ki se Wilmin Simon alyas Osner ki te ale rele Jodanès Simon lakay li pou li te di li soti vin jwenn li, Jodanès pat soti. Toujou selon avoka viktim nan Wilmin Simon alyas Osner di si li te soti li t ap fizye li epi Rache li.

Mèt la kontinye pou di yo pat rete gade sa konsa, toutswit yo te ale depoze plent devan sibtiti komisè gouvènman mèt Farès pou te mande li mete aksyon piblik an mouvman paske li te estime lavi kliyan li yo te andanje, komisè a te deside envite Wilmin Simon alyas Osner pou maten lundi 3 je’ an pou te vin reponn kesyon, e se konsa mesye yo pral jwen lanmò yo nan lannwit 2 juin pou rive maten lundi 3 jen 2024 la.

Komisè gouvènman an mèt Marlène Abraham te akonpaye de jij de pè lapolis pou te rann yo nan lye krim nan pou te konstate e fè sa lalwa mande.

Nan kad dosye sa deja gen 4 moun ki arete
Wilmin Simon alyas osner
Edrice Nelson ki se asèk zòn nan plis 2 lòt moun.

N ap siyale konfli tè sila ki koz lanmò 2 frè sa yo se yon konfli familyal ki konsène tonton ak neve, kouzen ak kouzen.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841