Dosye Davy, Nathalie Lloyd ak Jude Montis : Senatè Missouri Josh Hawley ak depite repibliken nan eta Georgia Marjorie Taylor Greene, akize anbasad amerikèn yo di ki pa t deplwaye polisye pou anpeche zak asasinay sitwayen yo. Senatè Josh ekri Biden, e di l li fin kite moun yo mouri, sèl sa li ka fè kounye a se ede kò yo rantre Ozetazini. Lendi 27 me a, Marjorie di Biden bay priyorite ak tout lòt peyi, epi li kite Ameriken ap degaje yo pou kont yo.

Nan yon mesaj senatè a pibliye 24 Me, li fè konnen: «biwo men mande Anbasad Amerikèn voye asistans pou Natalie ak Davy (Lloyd) nan moman yo te asyeje, Anbasad la reponn nou ke li te ‘two danjre’ pou voye lapolis. Nou finn tounen yon peyi ki fèb. Nou paka menm pwoteje pwop sitwayen nou kont zak vyolans lach.»

Anbasad Ameriken pa fè okenn komantè sou lanmo misyonè yo sou rezo X. Sepandan, potpawol Depatman d Eta a, nan yon mesaj li voye bay VOA Kreyol pa email Vandredi deklare:

«Nou o kouran lanmò sitwayen Ameriken yo an Ayiti. Nou ofri sensè kondoleyans nou bay fanmi yo. Nou pare pou bay tout asistans konsilè apwopriye. Pa respè pou fanmi an nan moman difisil sa a nou pa gen okenn lòt kòmantè.»

Nap raple ke Natalie ak Davy Lloyd sete misyonè kretyen Ameriken ki tap travay an Ayiti. Yo mouri pa bal nan yon anbiskad gang yo Jedi 23 Me a. Se misyon moun sa yo, ki gen baz li nan Oklahoma ki te anonse nouvèl la Vandredi.
Sè Davy Lloyd di Associated Press Vandredi ke gang yo te kidnape epi touye frè li, madanm ni Natalie Lloyd ak direktè lokal gwoup Missions in Haiti Inc., Jude Montis.
Chèf sendika lapolis la Lionel Lazarre di atak la dewoule Jedi swa nan kapital Ayisyèn nan.
Asasina yo dewoule nan moman Potoprens ap viv yon sityasyon kawotik kote gang kontwole 80% vil la epi lanse atak san rete.

Papa Natalie Lloyd se yon palmantè Repibliken nan palman eta Missouri. Li te mete yon mesaj sou paj Facebook li kote l di kè li kraze an miyèt mosso.

Davy Lloyd limenm sete moun eta Oklahoma. Misyon kote limenm ak madanm li tap travay an Ayiti Missions in Haiti Inc. se yon misyon ke paran li te fonde.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841