Gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik fè konnen nan yon nòt pou laprès li reyalize dat 7 fevriye 2024 la rive san pa genyen yon prezidan eli ki enstale nan palè nasyonal jan sa te prevwa nan akò 21 desanm 2022.

Pati politik ak òganizasyon ki fè pati gwoup konsètasyon an di li reyalize pa gen eleksyon ki fèt pou gen yon lòt palman nan pouvwa lejislatif la.

Pilwen, Gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik fè konnen li tande vwa tout moun ki pat siyen akò 21 desanm 2022 ki mande demisyon premye minis Ariel Henry akòz yo di li pa respekte sa ki te ekri nan akò 21 desanm 2022.

Konsètasyon politik pou konpwomi istorik la di li tande vwa tout moun sa yo paske akò 21 desanm 2022 se yon dokuman piblik ki te pibliye nan jounal ofisyèl peyia ki rele « Le Moniteur «

Sepandan gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik di li kwè, jan sa ekri nan liv la lwa, yon akò angaje avan tout lòt bagay moun ki te siyen akò a.

Se pou tèt sa gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik kwè akò 21 desanm 2022 toujou rete kampe jiskake majorite siyatè akò sila a bay pozisyon yo.

konsètasyon politik pou konpwomi istorik rete kwè se reskonsabilite tout siyatè akò 21 desanm 2022 pou analize, san fòs kote ki rezon ki lakòz akò a pa rive aplike jan sa te prevwa.

Nan sans sa a, gwoup konsètasyon politik pou konpwomi istorik fè apel ak tout siyatè akò 21 desanm 2022 pou òganize prese prese yon asanble siyatè nan lide pou pran lòt rezolisyon !

Moun ki siyen nòt sa pou komite pwoviswa gwoup konsètasyon an se

Abel Descollines
Ancien député

Me Valery Dutreil Jacques

Vikerson Garnier
Ancien député

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841