Michel Martelly ak Jocelerme Privert se 2 ansyen chèf leta sa yo ak divès premye minis lajistis vle tande pou kesyon koripsyon. Jij Al Dunel Dimanche envite 2 ansyen prezidan yo ak premye minis yo pou prezime konplisite yo nan koripsyon pandan pasaj yo kòm dirijan nan tèt pouvwa a an Ayiti.

Yon lòt bò, enfòmasyon nou dispoze prezante pou pi piti 8 ansyen Premye Minis, pami yo Jean Max Bellerive, Laurent Salvador Lamothe ak Joseph Jouthe, envite tou pou reponn kesyon Jij la.

Pi lwen, Jij la k ap dirije ankèt sou revelasyon koripsyon rapò yo ULCC yo revele, ap tann tou ansyen minis Joaceus Nader, Florence Duperval, ansyen palmantè Wilot Joseph ansanm ak Clovis Obas.

Plis pase 750 000 Ayisyen deside kite R Dominikèn an 2023

N ap note, Jij Dimanche bay plis pase 36 manda pou divès aktè politik sa yo ki gen rapò ak dosye sila parèt devan li, nan sousi pou wè ki fason li ka touche kesyon enpinite a an k ap fini avèk peyi Ayiti.

Nan menm moman an, Aktyèl DG CNE a ki se Kenton Louis, ak ansyen DG menm enstitisyon an ki se Jude Célestin, ki te rejte envitasyon Jij la, genyen yo menm manda arestasyon ki desène kont yo.

Anpil sitwayen ki swete Ayisyen jwenn jistis parapò ak ansanm gwo chèf sa yo ki pran Ayiti annotaj, pa sispann bat bravo lakontantman pou tout Jij ki andedan sistèm nan ki swete mete lòd nan dezòd.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841