Sou inisyativ yon jèn medsen ki se PDG standard clinique tout moun konnen sou non Dr Roode Cabret ak divès lòt zanmi ak kondisip li yo yon klinik mobil òganize sou plas piblik sant vil komin Mayisad la nan depatman sant Ayiti a jounen lendi 30 me 2022 a.

Selon sa Doktè Roode fè konnen: pwojè sa a rive pwosib gras ak volonte plis bourad medsen zanmil yo. Li kontinye poul di: 30 me se yon dat enpòtan nan vi li , paske se yon 30 me li te fèt , se pou rezon sa a li estime pibon fason pou li selebre anivèsè li se ak yon klinik mobil, yon fason pou li ka touche moun ki nan bezwen yo tout bon vre .

PIBLISITE PEYE

Pou pwojè sa a reyalize ,se gras ak sipò divès klinik ki nan kapital ak zanmi,kondisip ,fanmi ki kontribye pou Achte ekipman travay la egzije . Dr fè kwè pwojè a koute plis pase 150.000g ,e se 50 g moun achte yon ti kat pou yo ka gen aksè ak konsitasyon an.
se gwo kè kontan kay kèk moun ki te benefisyè pwojè sila. Yo pwofite remèsye tout doktè ki te rann pwojè saa posib. Yo pwofite mande pou doktè yo pa lage yo. Yo mande pou yo toujou kontinye ba yo sèvis laswenyay.

Dr. a ankouraje tout jenn fanm ak jenn gason ki nan peyi a mete tèt nan menm direksyon ak li, paske nenpòt pwofesyon ou genyen ou ka itil peyiw .

JOSEPH Cenès : Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841