Peyi vwazen an kontinye ap make gòl sou peyi Ayiti, kote gwo jefò ap fè pou atire envestisè vin envesti nan peyi yo a, poutan peyi Ayiti ap mete deyò sa li te gen lakay li yo .

Se aprè 6,7 ,8 jiyè 2018 , klas ki tap fè ti efò pou konbat lavi nan peyi a , santi yo konmanse viktim anba fenomèn enstabilite politik la, yo komanse vire do yo bay peyi a e enstale yo an Repiblik Dominikèn . Men atravè ekstòsyon ki genyen nan endistri a, gang yo vin tounen yon lòt obstak ankò pou reveye ekonomi ayisyen an e resesyon depi 2019 la ki rive grandi sèlman 0.3% pou ane sa a, daprè previzyon optimis gouvènman Ayisyen an.

Grégory Brandt

Malerezman, Grégory Brandt, prezidan Chanm Komès ak Endistri Franco-Ayisyèn, fè konnen: Pilzyè dizèn biznisman ayisyen al imigre nan Repiblik Dominikèn, e isit la an Ayiti, yo jis sèlman kenbe konpayi de non, men pa vrèman gen anyen andedan yo .

Nan ane fiskal 2021-2022, Ayisyen te envesti 250 milyon dola nan Repiblik Dominikèn deplore biznisman nan.

PIBLISITE PEYE

Trennen anba men gang kriminèl gak sibvansyon nan yon gouvènman ki manke lejitimite, ekonomi ayisyen an se kounye a li sou wout vrèman pou eksploze plis e vinn jwen kontèks lagè a nan Ikrèn.

Ogmantasyon mondyal pri gaz la rive nan pi move moman pou otorite ki sou zile a : ogmantasyon tarif yo nan estasyon gaz Ayiti yo, ki te bay lòd pou monte nan mwa desanm nan popilasyon an poko janm ka dijere.

An Ayiti, mache estratejik sa a se Leta ki reglemante l. Pou achte lapè sosyal, gouvènman siksesif la evite manyen dosye sansib sa a.
Men, pou sis mwa, lit gazolin ak dyezèl koute respektivman 56 santim ak 78 santim ero pou konsomatè yo .

PIBLISITE PEYE

Sibvansyon ki pa dirab

Epi fado pou ranbouse diferans lan konpayi petwòl ki enpòte ak vann an Ayiti vin twò lou pou otorite yo ak nan pri ki te koze konfli a nan Ikrèn.

Kesner Pahrel

«Ane sa a, sibvansyon gaz ogmante de plis pase 200%», ki ajoute jiska «anviwon 18,000 milyon goud», sa vle di anviwon 153 milyon ero, presize ekonomis Kesner Pharel. Montan sa a ki reprezante 2 fwa lajan yo mete nan men Ministè Sante a, pa rezoud anyen an tèm de mizè pou 60% Ayisyen k ap viv anba liy povrete a.

«Sa pa ede nan plan sosyal la paske se yon sibvansyon jeneral: li pa vize moun ki pi defavorize yo,» Daprè analiz Pharel .Li kontinye pou l di : An Desanm yo te evoke yon mekanis pou sipòte (…) sektè transpò piblik la men, jiska prezan, li poko fèt akòz mank efikasite nan Leta

Lè gade byen peyi a enpòte senk fwa plis manje pase li ekspòte, ogmantasyon nan depans anbake a vin angrave plis enflasyon an, ki te deja depase 25% nan kòmansman ane a.

Nou pral soufri nan enflasyon enpòte paske prensipal patnè komèsyal nou yo, Etazini ak Repiblik Dominikèn, kounye a tou gen gwo enflasyon: nou ta ka rive nan 30% ane sa a se sa ekonomis Pharel avèti.

Farin monte ak 30%

Sa a kòmanse afekte tout pwodiksyon machandiz endistriyèl ki sòti nan ble ann Ayiti , tankou farin depi lagè a ki ogmantasyon plis pase 30%, mete aksan sou ekonomis Etzer Emile, ki raple. ke Ayiti enpòte de fwa plis diri, ble ak mayi ke li pwodui lokalman.Pandan ke fwaye ayisyen yo depanse 60% revni yo nan manje, dapre Enstiti Nasyonal Estatistik, ensekirite alimantè te deja afekte 4,5 milyon abitan nan peyi a, anvan lagè a kòmanse an Ewòp.

«Pou manje maten, timoun yo mande pen, men nou pa t ka achte l: byenke yo pa renmen l anpil, nou ranplase l ak bonbon», daprè Michele, ki abite Pòtoprens ak manman l, sè l e twa neve l .

Nou pa ka achte diri menm jan anvan. An reyalite, kounye a nou pa gen mwayen pou wa» jèn fi a konfese.

Defi ekonomik sa yo vini nan moman gang yo, ki te genyen teritwa, ekstòde lajan nan men popilasyon an atravè kidnaping chak jou, ki fèt sitou nan kapital la.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar