Poli-klinik Chilo ki nan komin laskawobas, lokalite vèden, òganize jounen Vandredi 27 Me 2022 a, yon jounen konsiltasyon Jinikoloji pou anviron 200 fanm nan komin lan nan okazyon fèt manman yo .

Pandan jounen sa, senk(5) Medsen ak plizyè enfimyè te reponn prezan pou bay swen ki nesesè enpi bay chak moun ki fin wè Medsen yo medikaman san yo pa peye yon goud.

PDG Poli-klinik Chilo a, Briagueur Papite, fè konnen se san sipò okenn ONG ke ekip la rive fè jounen konsiltasyon silaa .

Direktè Biagueur ale pilwen pou di ekip la ap kontinye bay plis konsiltasyon nan lòt domèn tankou zye ak dan. Li pwofite okazyon pou l raple popilasyon an Klinik lan la pou l sèvi yo .

Wisnic Rondeau Centre a la une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841