La polis nan Mibalè depatman sant arete Pierre Dieumedor Peter 45 ak Edy Poteau 26 lane, jedi 26 me 2022 a.

Pòt pawòl la polis la, Gary Derosier ki te rankontre la près vandredi 27 me 2022 a fè konnen » Dieumedor se manb enfliyan baz 400 mawozo ke DCPJ t ap chache lontan sa paske Dieumedor se youn nan moun ki te jwe wòl tradwiktè pou lanmò san jou chèg gang 400 mawozo a lè yo te kidnape misyonè ameriken yo 16 oktòb 2021 an nan kwadèboukè.

PIBLISITE PEYE

Dieumedor Peter Pierre se yon moun ki t ap viv Etazini, gouvèman ameriken an te depòtel voyel Ayiti.

Pou arestasyon Edy Poteau a li menm, PNH fè konnen yo t ap chachel lontan pou vòlè, brakaj ak zam plis asosiyasyon malfektè.

Foto PNH

Edy Poteau ki se moun Komin Boukankare depatman sant jwenn arestasyon pa yon patwouy UDMO nan sant vil Mibalè. Aprè Edy fin jwenn arestasyonl, li pale bay la polis poul bay enfòmasyon sou dosye yon zam. La polis te ale nan lokalite tifon Komin Laskawobas ak li pou retwouve yon zam ke PNH di ke yo deja jwenn mèt zam saa, san yo pa devwale nonl.

Komisè polis Mibalè a, Mathias Jean Davide ki pa gen twò lontan kòm komisè Mibalè fè anpil arestasyon enpòtan nan dènye moman sa yo. Anpil manb nan popilasyon an bat bravo lakontantman pou fason komisè a ap travay.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....