Kliyan plizyè komin nan depatman sant peyi dayi lanse yon S.O.S pou konpayi NATCOM ta amelyore sèvis lap ofri yo.

Atravè divès komin nan depatman sant peyi a, konpayi telefòn yo ap remèt monnen, swa pou fè apèl ou byen entènèt, se ka konpayi Natcom ki ap maltrelte abòne li yo nan divès kwen nan depatman an .

komin ki plis touche de sitiyasyon sila se komin mayisad ,savanèt ,sodo ,boukankare,Laskawobas nan dezyèm seksyon Wanpa, pou n’ site sa yo sèlman .
nan komin mayisad sitiyasyon an pi konplike kote gen plizyè zòn moun yo pa gen aksè ak telefòn, sin ta site madan jwa ,savann apyè,siyak ,senkyèm ak divès lòt lokalite. Pou sant vil la depi li fè 10h nan aswè pa gen siyal menm pou ta fè apèl nou pa menm bezwen pale de entènèt, ou gen pou jwenn aksè jis vè 6h.00 nan maten .

Pou komin savanèt :depi li fè minwi pa gen rezo nan komin savanèt pou jiska 9h nan maten. Espesyalman nan lokalite lagwas, dezyèm seksyon layay, komin savanèt, divès abòne konpayi natcom mande pou konpayi a plase yon lòt antèn pou fasilite kominikasyon an fét pi byen. Selon sa kèk sitwayen ta fè kwè se konpayi sila ki genyen plis abòne nan komin Savanèt, malgre plan yo vin pi chè epi sèvis la pa efikas. Sitiyasyon sa a pa diferan nan komin sodo kote konpayi a pa janm sispann toupizi kliyan li yo .

Abòne nan divès kwen nan depatman an mande responsab konpayi a pou degaje yo kou mèt jan jak rann sèvis la efikas.Se rèv chak gren abòne pou yo ta jwenn yon bon sèvis .

Joseph cenes, Centre à la UNE

Piblisite

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841