An prezans plizyè santèn moun samdi 21 me 2022 a, Ansyen premye Minis Claude JOSEPH te vizite vil Tomond etou prezante yon konferans ak Doktè Omega CHERY anba tèm:
«Un dialogue citoyen pour un engagement collectif dans la construction d’une Haïti à la dimention de son histoire». Aktivite sila te dewoule nan «coin idéal» k ap dirije pa Rony MONPREMIER

PM Claude JOSEPH pale poul di: Ayiti bezwen moun ki gen karaktè ki p ap kite ti djòb ak lòt enterè fè yo pase grandè peyi a anba pye. Li montre se paskel te angajel kòm Ayisyen otantik poul te bay dominiken yo repons ki fè jodi a, li se Ayisyen ke dominiken plis rayi paske yo te estimel se yon ayisyen ki pa pè etranje.

Pm nan ki t ap reponn kesyon Daniel Jean nan Centre à la UNE fè konnen seri de konferans sa yo montre li deja angajel nan chanjman peyi a. Li dil nan batay, li konn batay e l ap batay.

Doktè Omega Chery bò kote pal ki t ap entèvni nan konferans la fè konnen: fòk ayisyen sispann akize lòt moun nan malè yo. Fòk nou parèt plis responsab. Nou dwe mete nan tèt nou si Ayiti atè plat se responsabilite chak grenn Ayisyen. Pou nou re mete Peyi a sou ray fòk chak grenn Ayisyen angaje yo nan batay chanjman an ak plis sans responsabilite e nasyonalis.

Èske seri de konferans sa yo se ta yon strateji kanpay PM Claude JOSEPH ap egzekite?

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841