2 moun blese, 2 moto kraze nan konfli ki opoze komin Tomond ak Komin Laskawobas pou kontwòl seksyon lawòy lendi 27 jen 2022.

PIBLISITE PEYE

Ajan egzekitif enterimè komin Tomond, Mathéus Bernadeau akonpanye ak lapolis plis sivil ame debake nan seksyon lawòy pi presizeman nan mache kas la ki se yon mache ki trè frekante e ki fonksyone jou lendi pou te ale mete definitivman seksyon sila sou lòd li maten lendi 27 jen 2022.

Divès manb nan popilasyon an, pat kontan ak ide sa, yo pwoteste pou mande pou leta santral fè lawòy vini komin oubyen kite li kòm twazyèm seksyon kominal laskawobas depatman Sant Ayiti.

Entèvansyon ajan egzekitif la ta pral provoke anpil tansyon nan seksyon sila , kote lapolis tire anpil kout bal ak gaz lakrimojèn.
Bilan : Yon moun blese ak bal e yon lòt blese ak kouto, 2 moto kraze pa ajan UDMO ki te la. Moun ki te ak majistra a sezi so administrasyon seksyon lawòy la e te tou vini ak pa yo pou te sele papye nan mache kas la. Yon lòt kote kèk manm nan popilasyon an rive sezi so majistra a te vini an tou.

N ap raple nan dat 13 fevriye 2006 gouvènman Boniface Alexandre te pran yon dekrè pou mete seksyon lawòy sou kominn Tomond men moun Laskawobas pa janm aksepte pou lawòy pa sou kontwòl Laskawobas ankò.

Jean Anderson Brevil

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841