Yon gwoup moun nan vil Tomasik manifeste epi bloke wout vandredi 1e jiyè 2022 pou mande responsab MTPTC yo konstwi twonson wout Ench Tomasik la pou yo.

Plizyè santèn moun nan vil Tomasik depatman sant pran lari maten vandredi 1e jiyè 2022 pou manifeste pou mande enjenyè « Rosemond Pradel ki se Minis travo piblik transpò ak kominikasyon peyi dAyiti» pou li degajel prese prese pou li fè twonson wout Ench Tomasik la ki nan yon move eta.

Pwotrestatè yo te kwaze plizyè machin nan mitan wout la nan zòn: lowòb, kaney ak yowonn. Sa ki te paralize sikilasyon an pou jounen vandredi 1e jiyè a. Anpil ti machann ki te sòti Ench pou ale vann nan mache Tomasik la te nan gwo difikilte pou travèse.

Manifestan yo pase nan divès ri nan komin Tomasik akonpaye de bann rara pou mande leta konstwi twonson wout Ench Tomasik ki koze anpil aksidan sitou nan peryòd lapli. Yo tou pwofite mande kote lajan wout Tomasik Ench la pase.

Èske te genyen yon lajan efektivman ki te la pou fè wout Ench Tomasik la?

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841