Kazèk jwanarya premyè seksyon Komin Ench, Canet Casseús lanse yon kri dalam kont yon rezo kidnapè nan depatman sant ki ap kidnape bèt peyizan yo. Kazèk Canet Casseús fè deklarasyon sila jedi 30 jen 2022 nan mikwo konfrè nou Fedelin Jean.

Kazèk Canet Casseús deklare: rezo volè sila nan plizyè komin nan depatman sant. Anpil bèt yo volè oubyen kidnape, yale ak yo nan yon lokalite ki rele nan dyal seksyon dèbay komin boukankare. Pou cheval, bèf, milèt, kochon… plis pase yon senkantèn konsa rezo sila pote ale pou peyizan an.

PIBLISITE PEYE

Kazèk la kontinye pale pou li di: anpil fwa bèt mesye yo kidnape paske yo pa gentan al vann yo, yo konn mande peyizan yo gwo lajan pou yo ka rekipere yo. Li kalifye group malfra sa yo menm jan ak group izo, ti lapli, lanmò sanjou k ap fè kidnapin.

Kazèk Canet Casseús fini pou li mande lapolis ak lajistis pou pote peyizan nan plato santral sekou pou fini ak rezo kidnapè ak volè bèt sila.

Se pa jodi a peyizan nan tout rakwen depatman sant ap viktim koz malfra ki anpeche yo gade bèt yo ki se kanè bank yo.
Plizyè santèn moun nan komin Tomasik depatman sant pran lari maten vandredi 1e jiyè 2022 pou manifeste pou mande enjenyè Rosemond Pradel ki se Minis travo piblik transpò ak kominikasyon peyi dAyiti pou li degajel kou mèt Jean-Jacques pou li fè twonson wout Ench Tomasik la ki nan trè move eta.

Pwotrestatè yo te kwaze plizyè machin nan mitan wout la nan zòn: lowòb, kaney ak yowonn. Sa ki te paralize sikilasyon an pou jounen vandredi 1e jiyè a. Anpil ti machann ki te sòti Ench pou ale vann nan mache Tomasik la te nan gwo difikilte pou travèse.

Manifestan yo pase nan divès ri nan komin Tomasik akonpaye de bann rara pou mande leta konstwi twonson wout Ench Tomasik ki koze anpil aksidan sitou nan peryòd lapli. Yo tou pwofite mande kote lajan wout Tomasik Ench la pase.

Èske te genyen yon lajan efektivman ki te la pou fè wout Ench Tomasik?

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841