Mouvman Peyizan Papay (MPP) òganize yon aktivite nan youn nan lokal li yo pou klotire premye faz yon pwojè anvironmantal yo te demare nan mwa mas 2020 nan 13 komin depatman sant Ayiti jounen vandredi 1e jiyè 2022 a. Pwojè sila fèt nan kad batay kont chanjman klimatik.

Anprezans plizyè otorite ak norab nan depatman sant, Madam Gislène TIRÉSIAS ki se kòdonatris program sila a nan MPP fè konnen:

1- yo te aji sou COVID-19 nan fè sansibilizasyon epi bay kit ijyenik.

2- Malgre kontèks sosyo politik peyi a difisil, yo fè 13 atelye vilgarizasyon nan 13 komin depatman an ak 35 replik nan seksyon kominal yo.

3- Yo fòme 40 jèn nan transfòmasyon dechè, e se jèn sa yo ki te ba yo pwodwi ke yo fabrike ak dechè pou te dekore espas yo klotire aktivite a jodi a.

4- Yo genyen 13 pwojè pledwaye ak 5 pwojè òganizasyon fanm yo fè sou edikasyon anvironmantal ak asenisman.

Yon lòt kote, Monpremier Jackson Jules Canchard ki se responsab rezo òganizasyon pou devlòpman sèkalasous ( RODA) deklare: yo resevwa nan kad pwojè sila fòmasyon sou pwoteksyon anvironman ak konsèvasyon sòl. Yo te fè tou yon pwojè sou ranmase fatra.

Program sila jwenn finansman » Union Européenne», chanjman V.E.R.T pou yon montan total 550 mil ewo ki te repati konsa: 200 mil ewo te finanse 23 ti pwojè an kaskad e lòt 350 mil ewo a pral fè sansibilizasyon, vilgarizasyon ak ranfòsman kapasite.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....