Òganizasyon SOS-solidarité prezante Yon konferans pou laprès vandredi 15 jiyè 2022 a nan lokalite Lakòlin seksyon wanpa komin Laskawobas, anba tèm: «ANN KOLE ZEPOL POUN BAY AGRIKILTI A JARÈT». Agronòm Cajuste Doriscat detaye bay popilasyon an tout konsekans ki kapab genyen sou lavi moun lè nou pa konsome lokal.

Agronòm nan pwofite di tou, gen anpil vye maladi se pwodui enpòte yo ki bay yo. Yon lòt bò, pou Anel MARCELUS se paske leta pa pran responsablite li kifè popilasyon an lage nan konsome pwodui ki soti nan repiblik Dominikèn.
Toujou pou Anel MARCELUS anpil pwodui kap disparèt nan peyi dayiti jounen Jodi a tankou: Sitwon, chadèk, zoranj ak kokoye elatriye dominiken pa inosan ditou.
Nap raple, konferans Sila a te dewoule an prezans plizyè òganizasyon lokal. Se konsa, madam Camillia FLORVIL kise prezidan Asosiyasyon Fanm Janpousa te pwofite adrese li ak medam yo pou yo kapab mete plis aksan sou pwodiksyon lokal yo menm nan biznis yo se pou yo vann plis bagay ki pwodui an ayiti sitou nan pwodui yap bezwen pou fè manje yo.
Pou fini, Natiralis madam Rosemarthe Hervé te pran la pawòl nan okazyon an pou ankouraje medam yo sèvi ak bagay natirèl yo nan lavi kotidyen nou.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841