DINEPA, atravè Direktè jeneral li M. Guito EDOUARD, devan delege depatmantal la M. Burdry Corriolan, otorite lameri, lajistis, lapolis, notab, pèsonèl biwo a, Direktè OREPA-Centre lan enjenyè Théophil Ostinvil, inogire yon nouvo biwo pou sèvi Centre Technique d’Exploitation (CTE) nan komin Baladè, 6 dawout 2022 a.

Direktè Ostinvil fè konnen: nan moman OREPA-Centre ap batay danble pou amelyore kalite sèvis l ap founi nan vil Beladè a, nouvo biwo sa a se yon trè bon pa anplis.

Enjenyè Vales Noël ki nan tèt biwo sa a fè kwè, li prè pou li kanpe anfas difikilte ki genyen nan sistèm nan avèk èd biwo tou nèf sa a.

Responsab DINEPA yo remèsye tout zanmi teknik ak finansye ki kontribye nan chache lajan, bay anpil lòt èd pou pèmèt kaptaj sous Onde Vert rive posib. Yo pwofite remèsye otorite lokal yo ak popilasyon an pou kolaborasyon yo.

Vis delege a Burdry Corriolan bò kote pa l te pale de tout enpòtans dlo genyen nan komin Beladè.

Èske efektivman DINEPA ap jwenn bayè de fon entènasyonal ki pou ede l pou kapte sous wonnvèt pou bay tout popilasyon an dlo jan y ap tann li an?

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841