Ayè samdi 06 dawou 2022 a, te gen match ki t ap jwe nan pak Senlwi Mibalè nan okazyon twazyèm edisyon Foot Festi Saint-Louis a. Nan yon match ki te mete fas pou fas ekip Dynamo AC ak Louverture la (youn nan match yo te konsidere kòm yon chòk), te genyen yon ensidan ki te pase nan match sila a. Anvi genyen an, melanje ak fristrasyon jwè yo ta pral gate anbyans lan !

PIBLISITE PEYE

Jeff Louis ki se pitit mibalè, ki se anmenm tan yon foutbolè entènasyonal te afiche yon konpòtman fas abit Adriano Saint-Jean ki pa fè pati de règ jwèt la. Aprè Jeff te fin fè yon fot abit la te ba l yon katon jòn, li te di abit la yon mo pyès nan nou pa t tande, ki te deranje abit la, sa ki ta pral fè jwè a pran yon dezyèm katon jòn ki te egal avèk yon katon wouj. Pandan poz mitan an, kote Louverture t ap mennen 2-0, Jeff Louis ki te kontrarye, moute tèren an, li bay abit la yon kou, sa yo rele nan langaj nou an YON DJAK, 15 a 20 minit aprè l te anonse li pral frape abit la. Aprè zak sa a, ki desann tout valè jwè a genyen nan zye fanatik yo, men kisa komite Gwoup Jèn Inove ki ap jere chanpyon a deside:

Mibalè, Dimanch 7 Dawout 2022

Nòt pou dirijan Ekip Dynamo, Dirijan ekip Louverture, Asosyasyon abit avèk tout fanatik Football

Desizyon

Group Jèn inove salye tout fanmi Football la nan rejyon an, moun Mibalè an patikilye pandan nap pwofite salye efò tout dirijan ap fè pou jwe twazyèm Edisyon Foot Festi St-Louis a, nap pwofite okazyon a a pou’n prezante ekskiz nou bay tout fanmi an, tout moun kite fè deplasman jounen samdi 6 Dawout la pou te vin asiste avèk match Dynamo vs Louverture;Sitou asosyasyon abit yo nan rejyon an..GJI regrèt anpil ke match la pa rive nan bout li paske Jwè ekip Dynamo a Jeff Louis ki tap jwe avk nimewo 19 te frape fizikman (yon djak)abit santral match la M. Adriano St-Jean nan moman poz Mitan rankont lan, akoz nan 23ème minit ansyen entènasyonal Ayisyen an te pran yon Katon wouj..

Komite kap òganize chanpyona a konsidere

  • ke match la pa fin jwe an rezon de jès anti spòtif Jeff Louis a.

Gwoup Jèn Inove deside:
1- Ekip Dynamo a pèdi match pa fòfè donk 0-3
2- Ekip Louverture a genyen match la pa fòfè donk 3-0
3- komite kap óganize kanpe Jeff Louis pwovizwaman pou rès chanpyona a, an atandan nou pran yon desizyon definitiv.

Gwoup Jèn Inove ap kontinye pwone Football nan respè youn pou lòt nan fair play.. pandan lap fè tout fanatik konnen ke konpetisyon an ap kontinye suivan Calandriye a…

Viv Mibalè, Viv Football, Viv Foot Festi St-Louis

                        Le comité

Donald Maurice, Centre à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841