Ekonomis Fritz A. Jean kontinye ap pwone yon konsansis nasyonal pou yon tranzisyon koupe fache an Ayiti.

Ekonomis Fritz Alphonse Jean te patisipe nan asanble jeneral òganizasyon sosyopolitik (IPAM) ki se Inisyativ Patriyòt Maryen te òganize jou ki te mèkredi 10 dawou 2022 a nan Komin Sentsizàn, Depatman Nòdès-AYITI.

PIBLISITE PEYE

Nan kad asanble sila a, prezidan eli akò Montana a fè konnen se nan batay moun pran pouvwa, pwiske okenn negosyasyon pa posib san batay. Konsa, batay sa yo ki vize pran pouvwa a dwe fèt tout kote, men sitou atravè mobilizasyon miskle nan tout peyi a.

M. Fritz ale pi lwen pou rakonte, ensekirite peyi a ap sibi yo se yon konplo ki makonnen ant sektè prive a, sosyete sivil la ak gwo chabrak andedan Leta a ki fè chwa mete zam nan men jenn fanm ak jenn gason, nan sousi pou yo rive kontwole yon kantite teritwa, fè eleksyon malatchong nan peyi a pou yo ka kontinye kenbe pouvwa a epi banbile.

Ekonomis la fè yon brèf prezantasyon de tranzisyon an ki, selon li menm, dwe koupe fache ak tout vye pratik sistèm nan mete kanpe byen wo pou egòje popilasyon an chak jou, tankou pwoblèm dola a k ap kontinye souflete goud la de jou an jou.

M. Fritz A. Jean fini diskou li a lè li fè yon pledwaye pou yon konsansis nasyonal, marye avèk mobilizasyon nan tout peyi a, pou pote yon chanjman konkrè pou AYITI.

Èske ekonomis Fritz A. Jean ap rive atenn objektif li pou pran pouvwa a?

Serondier LOUISIA, Centre à la UNE

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841