Jodi 14 dawout 2022 a, komite lokal la ki gen nan tèt li Paul Enel, lanse ofisyèlman twazyèm edisyon chanpyona Diaspora Boukan-Kare (DIB) nan pak Saint-Michel Boukan-Kare a.

Depi 3 lane, gen yon gwoup pitit Boukan-Kare k ap viv deyò ki chwazi mete tèt yo ansanm pou fè devlopman nan komin nan. Sitwayen sa yo patisipe nan fòme jèn yo, ede jèn yo nan etid yo ak oganize chanpyona pou yo. Ane sa gen 10 ekip ki patisipe nan chanpyona a. Jodi dimanch 14 dawout la se te ouvèti a ki te mete bab pou bab ekip Chanbo (FC Lyon) ak ekip All Stars la. Yon match foutbòl ki fini 3 a 0 an favè ekip Chanbo a.

Avèk sipò dyaspora Boukan-Kare ak kèk moun nan kominote a, piblik Boukan-Kare gen anviwon yon mwa pou yo defoule yo chak jou sou tèren an, pou yo al gade bèl foutbòl. Plezi sa koumanse jodi dimanch 14 dawout la l ap fini 28 septanm.

Louissaint Banel, Centre à la UNE !

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....