Responsab kominikasyon PNH yo fè konnen, BAFE-DCPJ arete ansyen sibtit komisè Gouvènman Senmak la Mèt Verissaint Souverain ayè vandredi 26 Dawout 2022 a pandan li ta pral antre andan konsila Ameriken an. Ministè la jistis te deja mete komisè a sou kote nan sistèm nan pou yon ti tan San l p ap touche.

Biwo afè finansye ak ekonomik ( BAFE), Direksyon santral polis jidisyè ( DCPJ) fè konnen yo arete komisè a paske li akize de: Anrichisman ilisit, kòripsyon, konplisite asosiyasyon malfektè. Yo siyale komisè a te libere de fason ilegal Frenot Thechelot.

Lapolis te arete Frenot Thechelot samdi 2 jiyè 2022 pou detounman kamyon machandiz, asosiyasyon malfektè epi tou manb aktif baz gran grif nan Savyen.

Pou kounye a Ansyen komisè Souverain Verissaint nan gadavi DSPJ ap reflechi.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841