Direktè lise Mayisad Depatman Sant lan, Sadrack Jean-Jacques, Direktè lise Charlemagne Peralte Ench la, Georges Walner Gedulien ak ansyen Direktè Depatmantal edikasyon Sant lan, Mulaire Julsaint epengle nan rapò ULCC a.

ULLC ki se inite k ap lite kont kòripsyon nan peyi a avili anpil dirijan nan dènye jou sa yo nan rapò li mete deyò jedi 25 out 2022 a, se ka ansyen Direktè lise Mayisad la mesye Sadrack Jean Jacques ki fè pati gwo lis sila .
Selon sa ki ekri nan rapò a ansyen Direktè lise Mayisad la ta nan konivans ak Direktè lise Chalmagne Péralte ki nan vil Ench, Mesye Georges walner Gedulien pou detounen divès materyèl enfòmatik lise Mayisad la, Mèt sadrack fè kwè se yon sèl materyèl enfòmatik li te prete mesye georges e pou tan ULCC de kouvri 3 materyèl ki pote logo «Yonuglife» òganizasyon ki te fè don ak lise Mayisad la. 2 Direktè sa yo fè kwè se prete youn te prete lòt. Yon deklarasyon ULCC jete nan poubèl. Selon rapò sila 2 kòlèg Direktè yo enplike jis nan zo nan fè wout kwochi ak materyèl Leta.

Rapò a esplike tou Direktè Mayisad la te mal jere lise a pandan 3 ane li t ap jere bwat sila. Nan dat 2 me 2021 kote plizyè pwofesè te denonse Direktè a epi pote plent nan ULCC. Lè sa a anpil gwo koze te pale sou plizyè materyèl enfòmatik ki te disparèt nan inik lise ki genyen nan komin nan ki fonksyone sèlman nan maten malgre divès lise nan peyi a fonksyon an an doub vakasyon.

ULCC kontinye pou li esplike Direktè lise a pa janm depoze yon goud lesko pou Leta pandan 3 ane li t ap dirije a, tout sa fèt ak konplisite Mulaire Julsaint ki te Direktè Depatmantal edikasyon Sant.

rapò a esplike tou Sadrack fè wout kwochi ak yon montan ki evalye ak de milyon swasant nèf mil san goud (2.069.100.00 g), yon montan ki pa ka jistifye, nan rapò 2020-2021 an. Diretè a bay yon rapò 735 elèv ki fè pati lise a poutan lise a te genyen 1 004 elèv. li paka jistifye yon montan de senk san venteyen mil nèf san goud ( 521.900.00 goud) nan rapò 2020/ 2021 an .

Rapò ULCC a kontinye esplike tout deriv sa yo rive pwosib gras ak konplisite ansyen direktè depatmantal la ki se mèt Mulaire Julsaint .
ULCC mande aksyon piblik mete an mouvman kont moun sa yo kòm moun ki disparèt lajan Leta .

Divès sitwayen nan komin nan ankouraje rapò sila epi mande pou ULCC kontinye travay sou plizyè pwojè ki t ap reyalize mayisad soti 2017 jiska 2022 a ki kanpe nan wout.

Cenès JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841