Nan yon konferans de près komisè Gouvènman Pòtòprens lan Jacques Lafontant bay madi 30 dawou 2022 a, chèf pakè a anonse aksyon piblik ap mete an mouvman kont tout moun ki endekse nan rapò kòripsyon inite k ap lite kont kòripsyon an Ayiti (ULCC) te achemine bay lajistis.

Mèt Lafontant fè konnen tout dosye yo deja defere nan kabinè enstriksyon pou ankèt. Li kontinye pou di l ap aji ak je li bande, san patizànri, paske la lwa la pou reprime tout moun ki refize obeyi li. CG a siyale li aji selon atik 47, 48, 51 kòd enstriksyon kriminèl la.

CG Lafontan fè konnen tou pakè a an mezi pou mennen lòt aksyon kont moun ki genyen non yo site nan rapò ULCC a tankou: Mezi konsèvatwa.

Pou dosye ansyen DG lapolis la Léon Charles, CG Lafontant fè kwè li pa genyen twòp matyè pou li pouswiv Léon Charles. Dosye sa an « suspens », paske l ap tan kou siperyè dè kont ak kontasye administratif (CSCCA).

N ap raple, ULCC te transmèt plizyè rapò ankèt bay pakè Pòtòprens pou swit legal yo nan dat jedi 25 dawou 2022. Rapò sa yo repwoche plizyè fonksyonè Leta de kòripsyon, nou ka site: Ansyen DG PNH la Léon Charles, yon karantèn palemantè ki pa t fè deklarasyon patrimwàn yo, FDI, LEH, EDSEG.

Rapò a fè konnen Leta Ayisyen pèdi 500 milyon goud pou egzèsis fiskal 2021-2022 a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841