Selon yon sous pròch, pou sèlman mwa out 2022 a, administrasyon jeneral la dwàn (AGD) kolekte anviwon 8 milya goud soti 1e pou rive 31 out aprè yon seri mezi nouvo administrasyon an te pran pou mete lòd nan dezòd nan dwàn nan.

mezi pou modènizasyon nan kontwòl dwanye ak pwosedi ke lalwa egzije yo, epi batay kont fwod ak kontre bann ki se yon pwoblèm pou peyi a se yon ansanm objektif nouvo administrasyon an bay tèt li pou rann ladwàn pi pèfòman.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841