Direksyon depatmantal Sant, Ministè anviwonman lanse yon program apèzman sosyal. ( Program pou Pèp la ) nan Vil Ench jedi 1e septanm, 2022 a.

Selon sa Direktè anviwonman depatman Sant lan, Yves Augustin rapòte plizyè enstitisyon angaje nan kad program nan pou site: Anviwonnman, delegasyon, Lameri, Afè sosyal, Agrikilti.

Direktè Yves Augustin kontinye pou esplike moun k ap gen pou travay nan program nan pandan 20 jou, pou ( 700 goud pa jou ) ap touche pa moncash pou evite deriv .

Direktè depatmantal Sant, Ministè Anviwonman. Ing /Agronòm Yves AUGUSTIN nan entèvansyon l, kwè demach sa antre nan kad jefò pouvwa anplas la ap fè pou ede kèk paran pou antre lekòl la.

Jacquelin NAPOLÉON depi Ench pou Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841