Se vendredi 26 dawout 2022 a Konsèy Gouvènma an te pran brèf desizyon anile dat ouvèti klas ane akademik 2022- 2023 ki te fikse pou 5 sepatanm 2022 epi ranvwaye li pou lendi 3 oktòb. Minis edikasyon an, Mesmy Manigat, fè konnen desizyon sa pran paske yo konstate paran yo pa t ko prè pou voye ti moun yo lekòl koz ensekirite ak lavi chè.

Plizyè sitwayen k ap viv nan sant vil Boukankare ( Chanbo) deklare se pa sèlman paran yo ki pa t prè men Leta li memm tou pa t ko pare pou fè antre klas la. Yon lòt kote, sitwayen sa yo fè konnen yon Leta ki responb, ki sousye pou kesyon ledikasyon timoun pa t ap ka kite lise a ap fonksyone nan yon batiman ki delabre konsa.

N ap raple w lise Dijon Jean Gill ki chita kòl nan vil Boukankare. depatman sant peyi Dayiti fonde nan ane 2006 sou manda Majistra Benicé Dérat. Li resevwa plis pase 200 ti moun chak ane. Li fonksyone an doub vakasyon: youn nan maten lòt la nan aprè midi. Vakasyon maten an resevwa seksyon fondamental la e sa midi a akeyi seksyon segondè a.

Pandan paran yo ap achte materyèl eskolè ak chèche lajan pou prepare antre lekòl ti moun yo, yo pwofite mande Leta pou yo prepare sal klas yo paske li pa nòmal pou yo peye koud inifòm nèf pou elèv pou se nan yon espas konsa Leta ap akeyi yo.

Louissaint Banel, Boucan-carré, Centre à la UNE .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841