Ayiti anba menas move tan. Se sa Inite Idro-Metewolojik (IHM) te anonse mardi 30 dawou 2022 a. E daprè Sant Nasyonal Ouragan yo (NHC) ki trouvel nan eta Floride nan peyi Etazini fè konnen jedi 1 septanb lan gen yon ond tropikal k ap ranje kòl poul transfòme an tanpèt tropikal Daniel. Selon NHC toujou, tanpèt sila ki prevwa a ka pote anpil van ak lapli e li ka soti de faz tanpèt pou tonbe nan faz ouragan nan de (2) ki gen pou vini yo.

Alòs, menm jan ak tout lane pase yo peyi Dayiti toujou anrejistre anpil lapli, imidite ak kout loray, enbyen li pa diferan de ane sa; si mwa dout la ki fenk fini an te pote lapli ebyen nouvo mwa a (septanb) pa rete endiferan li menm li gen tan pote ti lòsyè lapli pal pou premye jou a. Toutfwa ta sanble li mache ak tout yon depresyon ki kapab transfòme an yon siklòn anvan semèn lan fini e depatman konsène yo: se Lwès, Nò, Nò ès, Sud ès, Sant, Latibonit ak Nip.

Nap raple sezon siklòn lan toujou koumanse mwa jyen pou fini mwa novanb chak ane. Nou envite popilasyon ayisyèn lan a fè prèv de vijilans poun pa kontinye konte viktim. Se mèt kò ki veye kò.

Réginald LOUIS, depi Pòtoprens pou Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841