Aprè piblikasyon rezilta nasyonal bak inik (NS IV) yo pou ane akademik 2021-2022 a, elèv yo te konpoze sou 1900 pwen, men lis loreya minis Nesmy Manigat pibliye pou chak depatman, soti nan 10e pou rive nan 1e loreya a :

Pou depatman Nip se elèv Achenette Chedeline Jasmin ki totalize 1489 pwen,

pou depatman Sant peyi a se Drocheka Louis ki loreya avèk 1516 pwen

pou Sidès se Lordwish Sylvaince avèk 1550 pwen

pou Nòdwès se Hart Manshenn Jean Louis avèk 1571 pwen

pou Latibonit se Ishkenyanie Mulâtre avèk 1580 pwen

Lwès se Wiseley Paul Enzer avèk 1606 pwen

Grandans se Marc Laurincz Duprévil avèk 1612 pwen

Nò se Abel Junior Titus avèk 1691 pwen

Nòdès se Laurens Stevenson Cador avèk 1708 pwen

Sid peyi a se Tayina Anastacia krystel ki obteni 1718 pwen.

Felisitasyon a tout loraya depatmantal yo, sitou a Tayina Anastacia Krystel ki soti nan depatman Sid, ki se loreya nasyonal la. Li totalize 1718/1900 pwen, sa ki pèmèt li obteni yon mwayèn 9,04/10.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841