Jeremi, Pòdepè, Okay, Jakmèl, Senmak, Okap, Pòtòprens se kèk vil nan peyi Dayiti ki manifeste mèkredi 7 septanm 2022 a pou mande Leta mete gaz disponib nan ponp yo, bese dola meriken an, bese pri manje nan peyi a.

Nan Jeremi, 3 moun blese ak bal, plizyè magazen sibi atak piyaj, nan manifestasyon ki deroule mèkredi 7 septanm 2022 a kont rate gaz, lavi chè ensekirite nan vil Jeremi.

Nan Okap ansyen jounalis kiltirèl, animatè konpa, Lily Menard rezo nò, vizyon 2000 blese ak yon bal nan tèt devan lakay li pandan lapolis t ap tire pou gaye manifestasyon an. Rapò lopital, kote jounalis Lily Menard t ap pran swen an, fè konnen eta sante jounalis la estab.

Popilasyon an ki trè an kolè akoz movèz jesyon peyi a profite mande PM Ariel Henry kite pouvwa paske l pa kapab. Poutan nan menm dat 7 sektanm sila premye minis Henry vwayaje nan peyi Etazini.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....